Sote kontni prensipal la
Sante

Asirans sante nan pri ki ba epi gratis

Èd pou Asirans Sante | Depatman Sante Eta New York (NYS Department of Health, NYSDOH), NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

1. Kijan li mache

Asirans sante ede ou peye swen medikal ou te planifye oswa ki vini sanzatann. Opsyon asirans sante yo disponib pou tout Rezidan New York, menmsi ou pa yon sitwayen. Konseye yo disponib pou ede ou chwazi yon plan asirans sante.

  • Plan asirans sante prive yo se plan kote ou peye yon sèten kantite lajan pou pwoteksyon. Yo rele yo tou Plan Sante Ki Kalifye.
    • Rezidan New York yo kapab enskri oswa chanje pwoteksyon asirans sante prive yo pou ane 2024 la soti 16 Novanm 2023 pou rive 31 Janvye 2024. Enskri pa mwayen NY State of Health.
    • Ou kapab jwenn èd finansyè lè ou enskri pa mwayen NY State of Health.
    • Epitou, ou kapab achte asirans prive dirèkteman nan men yon konpayi asirans men ou pa p elijib pou yon èd finanyè.
  • Plan asirans sante piblik yo gratis oswa yo nan pri ki ba. Sa gen ladan li Medicaid, Child Health Plus ak Essential Plan. Ou kapab enskri nan plan sa yo nenpòt lè nan ane a.
    • Ou dwe renouvle asirans sante piblik ou a chak jou. Fè sa nou pral di la yo pou w ka renouvle asirans ou a epi pou w rete asire:
      • Bay adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou.
      • Al chache renouvèlman ou a nan kourye oubyen imèl ou.
      • Reponn anvan dat limit renouvèlman ou a rive.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Ou kapab kalifye pou asirans sante piblik gratis oswa nan pri ki ba selon laj ou ak revni ou.

Si ou pa kalifye pou asirans sante piblik oswa ou pa kapab achete yon plan:

NYC Care se yon pwogram swen sante ki bay sèvis swen sante nan pri ki ba epi ki gratis.

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Pou ou enskri nan plan asirans sante piblik yo, ou ap bezwen:

  • Dokiman sitwayènte/imigrasyon ki montre kondisyon imigrasyon legal ou
  • Nimewo Sekirite Sosyal (SSN)
  • Dat nesans pou tout moun ki ap aplike nan fanmi an
  • Enfòmasyon sou travay ou nan moman an
  • Revni kay la

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

Enskri nan asirans sante atravè NY State of Health pou:

  • granmoun ki poko gen 65 lane
  • fanm ansent ki pa gen anpil revni
  • timoun

Enskri anliy

Aplike pa lapòs

Aplike pa telefòn

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Aprann plis sou opsyon asirans sante yo

Aprann plis sou opsyon ou genyen pa mwayen Aksè nan Asirans Sante HRA pou Tout Vil la.

Mande èd pou ou enskri

GetCoveredNYC ede Rezidan New York yo enskri nan asirans sante. Gen espesyalis devwe ki kapab ede ou nan lang ou an gratis.

Mande pou yon konseye rele ou

Ranpli yon Fòm Demann Èd pou Enskri nan Asirans Sante yon fason pou yon konseye nan kesyon enskripsyon rele ou. Gen èd gratis pou enskripsyon ki disponib kèlkeswa estati imigrasyon ou epi li nan plizyè lang. Yo ap kenbe enfòmasyon ou yo konfidansyèl.

Rele 311

Pou kesyon jeneral ou genyen sou asirans sante epi pou ou jwenn yon asistan fasafas.

Last Updated October 24, 2023

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.