Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Ranbousman taks si ou te peye pou swen timoun ak depandan

Kredi Enpo pou Responsablite Timoun ak Depandan: (CDCC) | NYC Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (NYC Department of Consumer and Worker Protection, DCWP), Sèvis revni entèn (Internal Revenue Service, IRS)

1. Kijan li mache

Kredi Taks pou Gad Timoun ak Gad Moun Depandan an ranbouse 50% nan depans pou gad yon timoun oswa yon adilt ki depandan. Sou deklarasyon taks sou revni 2023 w lan, ou ka reklame jiska $3,000 pou depans ou fè pou gad pou yon moun ki kalifye ak $6,000 pou gad de (2) oswa plis moun ki kalifye.

  • Ranpli deklarasyon taks sou revni ane 2023 ou an anvan 15 avril 2024 pou w reklame kredi sa.
  • W ap kalifye si w te peye pou gad youn oswa plizyè timoun ki kalifye pandan w ap travay oswa ou t ap chèche travay. Sa enkli depans pou yon sant gadri oswa yon bebisitè.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou kalifye pou jwenn Kredi Enpo Resposanblite Timoun ak Depandan, ou ta dwe kapab reponn wi pou kesyon sa yo:

  1. Èske w te peye yon moun pou l pran swen moun ki sou responsablite w lan yon fason pou ou menm (ak konjwen ou, si nou ranpli yon deklarasyon ansanm) t a kapab travay oswa chèche travay? Depandan ki kalifye yo se:
    • yon timoun ki poko gen 13 zan nan moman swen an;
    • yon konjwen oswa yon adilt depandan ki pa ka pran swen tèt li fizikman oswa mantalman.
  2. Èske moun ki depandan an te viv avèk ou pandan plis pase mwatye nan lane 2023 a?
  3. Èske ou (ak konjwen ou si nou ranpli taks ansanm) touche lajan? Sa yo ka soti nan pèman, salè, tep, lòt lajan yo ka pran taks sou anplwaye a, oswa revni sou travay endepandan yo.
  4. Si ou marye, èske ou menm ak konjwen ou ap travay deyò?
    • Oswa, èske youn nan nou ap travay deyò pandan lòt la se yon etidyan aplentan, li gen yon andikap, oswa l ap chèche travay?

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Pou reklame kredi a, ou pral bezwen pwouve sa ki pi ba yo pou tout moun ki liste nan deklarasyon enpo w la:

  • Idantite ak laj: tankou foto idantite, pèmi kondui, IDNYC, paspò, oswa sètifika natiralizasyon.
  • sitwayènte oswa estati imigrasyon tankou: batistè oswa paspò ameriken.
  • Revni ou te touche ou pa (si genyen): tankou souch chèk pewòl ou oswa deklarasyon alokasyon chomaj, lèt pansyon, Revni Sekirite Anplis (SSI), oswa Asirans Sekirite Sosyal pou Andikap (SSDI).
  • Kou swen pou depandan: Kantite lajan ou te peye pou swen pitit oswa depandan w lan.

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

Jwenn èd gratis pou w ranpli taks si fanmi w te rantre $85,000 oswa mwens pase sa oswa si w se yon sèl grenn moun k ap ranpli taks ki te touche $59,000 oswa mwens pase sa nan lane 2023. Preparatè benevòl VITA/TCE IRS sètifye yo kapab ede w ranpli anliy, an pèsòn, oswa lè w pase depoze dokiman w yo.

Ranpli anliy

Aplike pa lapòs

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Plis enfòmasyon

Aprann plis bagay sou kredi enpo ou kapab reklame.

Jwen yon biwo VITA oswa TCE

Rele 800-906-9887 pou konnen ki kote ki gen yon biwo Èd Volontè pou Taks sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance, VITA) oswa Konsèy sou Taks pou Granmoun Aje (Tax Counseling for the Elderly, TCE) ki toupre ou.

Last Updated January 29, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.