Sote kontni prensipal la
Sèvis Familyal

Sèvis Pansyon Alimantè Timoun

Biwo Sèvis pou Sipò Timoun (OCSS) | NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

1. Kijan li mache

Biwo Sèvis Soutyen pou Timoun (Office of Child Support Services, OCSS) fè timoun yo priyorite nan ede manman, papa ak gadyen nan ouvri ak jere dosye pansyon alimantè pou timoun. Yon timoun ka jwenn sipò timoun jiska laj 21 lane menm si lòt paran an pa patisipe nan lavi timoun nan. Paran k ap peye pansayon alimantè pou timoun nan ka jwenn èd pou pèmèt yo jwenn travay epi pou yo jere dèt pansyon alimantè pou timoun nan. Lòt sèvis disponib tou.

Biwo Sèvis pou Sipò Timoun

  • Ou pa bezwen pou ou yon sitwayen pou w jwenn sèvis sa a. Yo pa pral poze w kesyon konsènan estati migratwa w.
  • Pwogram sa a pa ede ak gad timoun oswa vizit men li ka gide ou nan sèvis ki fè sa, tankou medyasyon.
  • Chache fason pou w jwenn yon òdonans sou pansyon alimantè menm si lòt paran an pa gen kòb pou l peye l pou kounye a. Yo ka ede yo pou yo jwenn travay epi yo ka kalifye pou pwoteksyon finansye.
  • Paran ki an reta sou peman sipò timoun yo ka kalifye pou yon pwogram pou diminye dèt yo.
    • Paran ki p ap viv ak timoun lan kapab konekte ak sèvis travay yo si yo nan chomaj oswa si yo pa gen ase travay tou.
    • Evite frè kat kredi siplemantè: fè pèman pou pansyon alimantè pou timoun sou aplikasyon ACCESS HRA Child Support mobile la pito olye ou fè l sou sit wèb NYS Child Support la.
  • Si w se paran k ap viv ak timoun nan ki aplike pou jwenn oubyen ki jwenn asistans sou fòm lajan kach nan non pitit ou a – lè w pa reponn avi sou pansyon alimantè pou timoun ou an oubyen lè w pèdi yon randevou sou pansyon alimantè pou timoun sa ka fè:
    • Avantaj èd lajan kach ou a redui a 25%
    • Pèt pwoteksyon Medicaid pou tèt ou.
    • Pèt elijibilite pou kèk pwogram asistans lokasyon.
  • Modifikasyon Òdonans yo atravè antant (Modifying Orders through Stipulation, MOTS) se yon pwogram ki ka redui amann yon pansyon alimantè pou timoun sou baz revni tou de paran yo.
    • MOTS itilize menm rekòmandasyon ak Tribinal ki okipe zafè Fanmi an. Answit yo revize kontra a nan Tribinal ki okipe zafè Fanmi an avèk pati ki prezan yo.
    • Se toujou apre yon odyans yo bay yon òdonans ki modifye.
  • Pou jwenn èd, tanpri rele nimewo telefòn ki nan avi randevou w la oswa voye yon imèl bay OCSS nan [email protected].

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou ou kalifye pou sèvis sipò timoun, ou ta dwe kapab reponn wi pou kesyon sa yo:

  1. Èske w se yon paran selibatè oswa responsab legal yon timoun ki poko gen 21 lane?
  2. Èske ou responsab yon fason prensipal pou lavi chak jou timoun nan?

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Lè w ale nan entèvyou w la, w ap bezwen mache ak dokiman sa yo:

  • Aplikasyon ki fin ranpli w la
  • Batistè pitit ou a
  • Yon foto resan lòt paran an itil men li pa obligatwa

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

Aplike sou Entènèt pandan w ap itilize Aplikasyon NYC ACCESS HRA Child Support

  • Enskri pou sipò pou timoun atravè telefòn ou
  • Peye pansyon alimantè pou timoun ak kat kredi, debi oswa PayPal san okenn frè
  • Ranpli fòm sipò timoun nan epi aplike pou pwogram rediksyon dèt la.
  • Eskane epi telechaje dokiman ki nesesè yo
  • Aprann plis sou aplikasyon mobil la nan NYC ACCESS HRA Child Support Mobile App oswa telechaje aplikasyon an gratis nan App Store (Apple) ak Google Play (Android)

Aplike anliy

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Ale sou sit entènèt Sèvis Sipò Timoun lan pou jwenn plis enfòmasyon sou sèvis ki disponib yo.

Vizite paj paran ki p ap viv avèk timoun yo (Noncustodial Parents) pou sèvis ki disponib pou paran ki p ap viv avèk timoun yo, tankou travay ak diminye dèt.

Vizite sit entènèt Tribinal Fanmi an pou jwenn enfòmasyon sou gad ak vizit.

Voye yon Imèl Bay Biwo Sèvis pou Sipò Timoun lan

Voye yon imèl bay[email protected] pou mande yon randevou nan sèvis kliyantèl la oswa mande yon repons nan imèl.

Tanpri bay non ou, nimewo dosye Sipò Timoun lan, yon deskripsyon enkyetid ou a (yo), nimewo telefòn, ak pi bon moman yo ka jwenn ou. Ekri “Requesting a Customer Service Appointment” (Mande yon Randevou Sèvis Kliyan) nan liy sijè imèl ou an.

Rele 311

Mande pou Sipò Timoun.

Rele liy èd la

Pou jwenn plis enfòmasyon, rele Sèvis asistans nan telefòn NYS pou Sipò Timoun nan 888-208-4485 (oswa 866-875-9975 si ou gen pwoblèm nan kapasite pou tande). Enfòmasyon otomatik disponib 24 èdtan pa jou, sèt jou sou sèt. Nimewo Sekirite Sosyal ak PIN ou obligatwa.

Vizite sant san randevou a oswa biwo minisipalite a

Vizite Sant Sèvis san Randevou pou Kliyan OCSS:
151 West Broadway, 4yèm Etaj
(ant Worth ak Thomas Street)
New York, NY 10013
Lendi – vandredi, 8:00 am – 6:00 pm (sof jou ferye)

Vizite biwo OCSS Family Court ki nan minisipalite w la.

Last Updated March 19, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.