Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Kredi sou taks pou fanmi ki genyen timoun

Kredi taks timoun: (CTC) | NYC Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (NYC Department of Consumer and Worker Protection, DCWP), Sèvis revni entèn (Internal Revenue Service, IRS)

1. Kijan li mache

Lè y ap deklare taks yo pou 2023, fanmi yo ka reklame kredi taks sa ki gen yon valè ki ale jiska $2,000 pou chak timoun ki kalifye ki gen mwens pase 17 lane.

  • Ranpli deklarasyon taks sou revni pou 2023 ou an anvan 15 avril 2024 pou w reklame kredi sa.
  • Fanmi w ka kalifye menm si ou pa t touche revni oswa ou pa t dwe okenn taks sou revni. Sepandan. timoun ou an bezwen genyen yon Nimewo Sekirite Sosyal
  • Kredi a pa konte kòm revni e li pap afekte dwa w genyen pou resevwa asistans piblik.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou w kalifye pou kredi a nan ane taks 2023 a, ou t a dwe ranpli kondisyon sa yo:

  1. Ou te touche jiska $200,000 e jiska $400,000 si ou marye epi n ap ranpli ansanm.
  2. W ap deklare yon timoun nan taks sou revni ou an ki gen:
    • 16 zan oswa pi jèn
    • Timoun nan dwe gen yon nimewo Sekirite sosyal (SSN) oswa Nimewo Idantifikasyon Fiskal pou Adopsyon (ATIN). Kontribyab la kapab itilize yon SSN oswa yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl (ITIN)
    • Timoun ki kalifye yo dwe pitit ou, bofis oswa bèlfi ou, pitit pitit ou, pitit ou nan fanmi dakèy ki kalifye, timoun ou adopte, frè oswa sè ou, nyès oswa neve ou.
  3. Timoun ou owa depandan ki t ap viv avè w pandan plis pase 6 mwa ane taks la Ozetazini epi w ap deklare li kòm yon depandan nan taks sou revni w lan.
    • Timoun ou an pa kapab bay tèt ou plis pase mwatye sipò finansye.

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Gade yon lis dokiman w ap bezwen pou ranpli taks ou epi deklare CTC ou a.

Prèv kiyès ou ye

Pou chak moun ki aplike, yon sèl dokiman:

Prèv revni ou

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

Jwenn èd gratis pou w ranpli taks si fanmi w te rantre $85,000 oswa mwens pase sa oswa si w se yon sèl grenn moun k ap ranpli taks ki te touche $59,000 oswa mwens pase sa nan lane 2023. Preparatè benevòl VITA/TCE IRS sètifye yo kapab ede w ranpli anliy, an pèsòn, oswa lè w pase depoze dokiman w yo.

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Plis enfòmasyon

Aprann plis bagay sou kredi enpo ou kapab reklame.

Rele 311

Epi mande èd pou prepare taks ou.

Jwen yon biwo VITA oswa TCE

Rele 800-906-9887 pou konnen ki kote ki gen yon biwo Èd Volontè pou Taks sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance, VITA) oswa Konsèy sou Taks pou Granmoun Aje (Tax Counseling for the Elderly, TCE) ki toupre ou.

Last Updated January 29, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.