Sote kontni prensipal la
Anrichisman

Pwogram apre lekòl pou elèv yo

Sistèm Konplè Pou Pwogram Apre Lekòl NYC (COMPASS NYC) | Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè NYC (DYCD)

1. Kijan li mache

Elèv yo kapab enskri nan plizyè santèn pwogram apre lekòl nan NYC atravè COMPAS NYC. Pwogram COMPASS yo kapab ede elèv yo ak devwa, aktivite espòtif, atistik, ak plis toujou. Yo gratis epi w ap jwenn yo toupatou nan vil la.

  • Nan pwogram COMPASS yo, jèn yo kapab patisipe nan:
    • Aprantisaj literati ak Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik (STEM)
    • Aktivite pratik, baze sou pwojè, e ki ann amoni ak nòm edikatif yo.
    • Pwogram d a ak spò bon kalite.
  • Pwogram yo dire nòmalman twa èdtan chak jou, senk jou pa semèn, sa gen ladan jou konje skolè yo.
  • Yo ofri pwogram yo nan tout senk awondisman yo ak nan anpil katye.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Tout elèv NYC ki nan kindègadenn rive nan klas douzyèm kalifye pou enskri nan pwogram COMPASS yo.

Chak pwogram kapab gen egzijans laj ak kalifikasyon diferan.

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

Ou kapab itilize Discover DYCD pou jwenn pwogram ki bò lakay ou. Pou kòmanse:

  1. Ale sou sit entènèt Discover DYCD a.
  2. Seleksyone “pwogram aprè klas” epi klike sou “rechèch”.

Jwenn yon pwogram aprè klas.

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Anliy

Aprann plis bagay sou COMPASS nan DYCD.

Rele 311

Mande pou “Asistans konplè pou Pwogram Aprè Klas.”

Rele nou

Rele DYCD Youth Connect nan 800-246-4646 or 646-343-6800. Ou kapab pale tou avèk anplwaye pwogram aprè klas nan lekòl pitit ou a pou plis enfòmasyon.

Pase nan lekòl pitit ou a

Pale avèk anplwaye pwogram aprè klas nan lekòl pitit ou a pou plis enfòmasyon.

Last Updated August 4, 2022

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.