Sote kontni prensipal la
Edikasyon

Swen timoun gratis oswa ak yon pri ki ba pou timoun ki gen sis (6) semèn jiska de (2) lane

Tibebe ak Timoun Piti | NYC Depatman Edikasyon (NYC Department of Education, DOE)

1. Kijan li mache

Pwogram EarlyLearn yo ofri swen pou timoun gratis oswa pou yon tikras lajan epi yo bay edikasyon pou timoun soti sis (6) semèn rive de (2) lane. Gen plizyè santèn pwogram nan Vil New York ki ofri anviwònman aprantisaj sekirize e pozitif pou timoun yo.

  • Opsyon pou gadri timoun yo genyen ladan:
    • Pwogram pou tibebe ak timoun piti pou timoun ki gen sis (6) semèn jiska de (2) lane. Pwogram sa yo fèt nan sant oswa nan kay pandan jiska dis (10) èdtan nan yon jou.
    • Pwogram Early Head Start yo pou fanm ansent, tibebe ak timoun piti yo. Pwogram sa yo bay sèvis pandan omwen wit (8) èdtan chak jou.
  • Si ou kalifye epi gen plas ki disponib, pitit ou kapab kòmanse yon pwogram nenpòt lè nan ane a.
  • Toutotan pitit ou gen estati legal, li kalifye pou swen kèlkeswa sitiyasyon estati legal paran yo.
  • Kalifikasyon an baze sou revni fanmi ou, kantite moun ki nan fanmi ou ak bezwen yo.
  • Fanmi yo pral bezwen peye kèk nan depans pou gadri pou timoun yo si yo pa resevwa asistans lajan Kach, si yo pa nan fanmi dakèy, oswa si yo pa sanzabri.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pwogram Early Head Start

Pi bon fason pou w konnen si fanmi ou kalifye pou Early Head Start se kontakte yon pwogram dirèkteman. Fanmi ou kapab kalifye pou Early Head Start si omwen youn nan kategori sa yo aplikab pou ou:

  • W ap viv nan yon lojman tanporè
  • Ou resevwa Èd Finansyè (Cash Assistance) nan Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration (HRA))
  • Ou resevwa Asirans Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Insurance, SSI)
  • Ou enskri yon timoun ki nan fanmi akèy
  • Ou kapab kalifye tou si revni moun nan kay la egal oubyen pi piti pase kantite sa yo:
Kantite moun ki nan fanmi an Revni pa ane
1 $14,580
2 $19,720
3 $24,860
4 $30,000
5 $35,140
6 $40,280
7 $45,420
8 $50,560
Pou chak moun anplis, ajoute: $5,140

Pwogram pou Tibebe/Timoun piti

Ou dwe gen pou piti youn nan “rezon pou swen” sa yo ki apwouve:

  • Ou travay pandan 10 èdtan oswa plis pa semèn
  • Ou nan yon pwogram edikasyon oswa yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl.
  • Ou kòmanse chèche yon travay oswa ou ap chèche yon travay depi 6 mwa omaksimòm. Sa gen ladan li chèche yon travay pandan ou ap resevwa avantaj pou chomaj
  • W ap viv nan yon lojman tanporè
  • W ap swiv sèvis pou vyolans domestik.
  • Ou sou tretman pou toksikomani (abi sibstans)
  • Ou kapab kalifye si revni moun nan kay la egal oubyen pi piti pase montan sa yo:
Kantite moun ki nan fanmi an Revni pa mwa Revni pa ane
1 $4,301 $51,610
2 $5,624 $67,490
3 $6,948 $83,370
4 $8,271 $99,250
5 $9,594 $115,130
6 $10,918 $131,010
7 $11,166 $133,987
8 $11,414 $136,965
9 $11,662 $139,942
10 $11,910 $142,920
11 $12,158 $145,897
12 $12,406 $148,875
13 $12,654 $151,852
14 $12,903 $154,830
15 $13,151 $157,807

 

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Jwenn plis enfòmasyon sou gadri nan NYCDOE.

Rele 311

Mande pou “EarlyLearn” si ou bezwen èd pou jwenn yon pwogram.

Last Updated November 16, 2023

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.