1. Kijan li mache
Pwogram EarlyLearn yo ofri swen pou timoun gratis oswa pou yon tikras lajan epi yo bay edikasyon pou timoun soti sis (6) semèn rive de (2) lane. Gen plizyè santèn pwogram nan Vil New York ki ofri anviwònman aprantisaj sekirize e pozitif pou timoun yo.
- Opsyon pou gadri timoun yo genyen ladan:
- Pwogram pou tibebe ak timoun piti pou timoun ki gen sis (6) semèn jiska de (2) lane. Pwogram sa yo fèt nan sant oswa nan kay pandan jiska dis (10) èdtan nan yon jou.
- Pwogram Early Head Start yo pou fanm ansent, tibebe ak timoun piti yo. Pwogram sa yo bay sèvis pandan omwen wit (8) èdtan chak jou.
- Si ou kalifye epi gen plas ki disponib, pitit ou kapab kòmanse yon pwogram nenpòt lè nan ane a.
- Toutotan pitit ou gen estati legal, li kalifye pou swen kèlkeswa sitiyasyon estati legal paran yo.
- Kalifikasyon an baze sou revni fanmi ou, kantite moun ki nan fanmi ou ak bezwen yo.
- Fanmi yo pral bezwen peye kèk nan depans pou gadri pou timoun yo si yo pa resevwa asistans lajan Kach, si yo pa nan fanmi dakèy, oswa si yo pa sanzabri.
Pwochen seksyon:
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Ale sou sit entènèt la
Jwenn plis enfòmasyon sou gadri nan NYCDOE.
Rele 311
Mande pou “EarlyLearn” si ou bezwen èd pou jwenn yon pwogram.
2. Detèmine pou kisa ou kalifye
Pwogram Early Head Start
Pi bon fason pou w konnen si fanmi ou kalifye pou Early Head Start se kontakte yon pwogram dirèkteman. Fanmi ou kapab kalifye pou Early Head Start si omwen youn nan kategori sa yo aplikab pou ou:
- W ap viv nan yon lojman tanporè
- Ou resevwa Èd Finansyè (Cash Assistance) nan Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration (HRA))
- Ou resevwa Asirans Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Insurance, SSI)
- Ou enskri yon timoun ki nan fanmi akèy
- Revni fanmi ou enferyè a yon montan detèmine.
Pwogram pou Tibebe/Timoun piti
Fanmi ou kapab kalifye pou pwogram sa yo si revni fanmi an pi ba pase yon montan ki detèmine. Epitou, ou dwe gen omwen youn nan “rezon pou swen” sa yo ki apwouve:
- Ou travay pandan 10 èdtan oswa plis pa semèn
- Ou nan yon pwogram edikasyon oswa yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl.
- Ou enskri nan yon kolèj pou 4 lane
- Ou kòmanse chèche yon travay oswa ou ap chèche yon travay depi 6 mwa omaksimòm. Sa gen ladan li chèche yon travay pandan ou ap resevwa avantaj pou chomaj
- W ap viv nan yon lojman tanporè
- W ap suiv sèvis pou vyolans domestik.
Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.
Èske mwen kalifye?Pwochen seksyon:
3. Kijan pou ou aplike
Men opsyon ou yo:
Aplike sou entènèt
Aplike pandan w ap itilize MyCity app.
Aplike pa lapòs
- Telechaje aplikasyon an nan lang ou.
- Ranpli epi voye l pa lapòs nan:
NYC DOE Family Welcome Center
333 7th Ave
12th floor
New York NY 10001
Si ou deja gen avantaj HRA, fè demann ou an nan Sant Aksè pou Avantaj HRA yo asiyen w lan pito.
Aplike fas a fas
- Jwenn yon pwogram sou MySchools.
- Klike sou “More Filters” epi tcheke nenpòt opsyon ki anba “EarlyLearn”.
- Apresa, tape nan adrès akèy la pou chache yon pwogram ki toupre ou.
- Vizite yon pwogram. Estaf la pral ede w ranpli aplikasyon w lan.
Si ou deja gen avantaj HRA, fè demann ou an nan Sant Aksè pou Avantaj HRA yo asiyen w lan pito.
Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.
Depi ou bay adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou, sa vle di ou dakò pou minisipalite Vil New York la kontakte ou konsènan rezilta evalyasyon pou asistans piblik ACCESS NYC a. Aktivite ou nan ACCESS NYC ap rete anonim, men si ou bay nimewo ou sa kapab idantifye ou ak devwale ou te itilize sitwèb la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan Minisipalite a kapab itilize enfòmasyon ou pataje ak ACCESS NYC, vizite Terms of Use for NYC.gov ak Privacy Policy for NYC.gov.