Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Vwayaje pou mwatye pri

Pri ki Jis NYC (Fair Fares NYC) (FFNYC) | NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

1. Kijan li mache

Fair Fares NYC ede rezidan New York ki gen ti revni yo ekonomize 50% nan transpò piblik tankou, pri kous ki elijib yo, ak deplasman nan transpò adapte Access-A-Ride yo.

  • Opsyon pou metwo ak bis yo gen ladan kat Pay-Per-Ride, Kous Ilimite 7-Day (Pa Semèn), ak 30-Day (Pa Mwa).
  • Kliyan Access-A-Ride yo pa sèvi ak kat Metwo Fair Fares NYC la. Okontrè, yo fè rediksyon otomatik pou yo.
  • W ap resevwa yon kat Metwo Fair Fares NYC pa lapòs twa (3) semèn oswa pi piti apre yo apwouve aplikasyon ou an.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Ou kapab kalifye si ou anmezi pou ou reponn wi pou kesyon sa yo:

  1. Èske w ap viv nan vil Nouyòk?
  2. Èske w gen 18-64 an?
  3. Eske ou gen yon revni mwayen oubyen li pi ba ke montan sa yo?
Kantite moun k ap viv nan kay la Revni pa ane
1 $18,072
2 $24,528
3 $30,984
4 $37,440
5 $43,896
6 $50,352
7 $56,808
8 $63,264
9 $69,720
10 $76,176
11 $82,632
12 $89,088
13 $95,544
14 $102,000

 

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

W ap bezwen dokiman ki pwouve idantite w, laj ou, rezidans ou ak revni w. Gade Lis Dokiman Fair Fares NYC Sigjere yo.

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Ale sou sitwèb Fair Fares la pou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram nan.

Rele 311

Rele 311 si ou bezwen èd oswa si ou gen nenpòt kesyon konsènan pwogram Fair Fares NYC an.

Last Updated January 17, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.