Sote kontni prensipal la
Lojman

Sèvis pou ede ou rete lakay ou epi evite w antre nan abri

Homebase | NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

1. Kijan li mache

Homebase kapab ede w si w gen risk pou w vin sanzabri. Yo gen lokal atravè senk minisipalite Vil Nouyòk yo epi yo ofri yon pakèt sèvis pou ede w si w gen pwoblèm kay.

  • Nou ankouraje nenpòt moun ki ka bezwen sèvis Homebase pou yo rele biwo ki nan lokalite yo a yon fason pou yo kapab egzamine sitiyasyon espesyal ou a epi pou yo ba w sipò. Menm si ou pa kalifye, Homebase kapab ede w idantifye resous ki ka ede w yo.
  • Homebase ap ede w devlope yon plan ki adapte pou ou pou w rezoud pwoblèm kay ou genyen an tousuit, pou w vin estab nan yon kay.
  • Ou pa oblije rete tann lè ou devan yon tribinal lojman pou w mande Homebase èd.
  • Homebase kapab ede avèk yon pil sèvis, tankou:
    • Sèvis pou evite degèpisman
    • Èd pou jwenn avantaj piblik
    • Èd pou lokasyon annijans
    • Edikasyon ak èd pou jwenn travay
    • Konsèy finansye ak jesyon lajan
    • Èd pou demenaje
    • Èd finansye akoutèm

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Ou ka kalifye pou sèvis Homebase yo si ou:

  • Ap viv nan youn nan senk (5) minisipalite Vil New York yo
  • Byento ou ka gen risk pou ou antre nan sistèm abri Vil Nouyòk la
  • Vle rete estab nan yon lojman nan kominote w la

Yo ankouraje nenpòt moun ki ka bezwen sèvis Homebase yo ale nan yon biwo lokal yon fason pou yo kapab egzamine sitiyasyon espesyal li a epi ofri li sipò. Menm si ou pa kalifye, Homebase kapab ede w idantifye resous ki ka ede w yo.

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Sa yo se dokiman ou dwe pote nan premye randevou w la. Si w pa gen tout dokiman sa yo, Homebase kapab toujou aksede ak dosye w la pou li kapab ede w.

  • Pyès idantite pou tout moun nan kay ki gen 18 lane yo oswa plis
  • Prèv revni/travay pou chak moun nan kay la k ap travay (dènye souch chèk peman ki gen dat 30 jou anvan randevou avèk Homebase la)
  • Si w gen yon dosye Èd Lajan Kach (Cash Assistance, CA) ki aktif, pote yon Lèt Bidjè CA oswa vèsyon eprime Sistèm Jesyon Alokasyon (Welfare Management System, WMS) ki gen dat nan espas 30 jou
  • Lèt chomaj
  • Revni Sekirite Siplemantè (SSI) oswa Sekirite Sosyal pou Andikap (Social Security Disability, SSD), Lèt Sibvansyon, ki gen dat ane ki sot pase a
  • Kopi kontra lwaye oswa kontra lokasyon alekri
  • Referans asistans pou lwaye, sètifika, koupon oswa lèt sibvansyon
  • Demann lwaye, lèt pwopriyetè kay oswa dokiman Tribinal yo
  • Bòdwo limyè, gaz ak telefòn

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike pa telefòn

Rele 311 pou w ka jwenn yon lokal Homebase oswa gade kat HomeBase la epi chèche avèk kòd postal ou a. Apresa, rele pou w pran yon randevou.

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sitwèb la

Ale sou sit entènèt Homebase la pou w ka jwenn plis enfòmasyon.

Rele 311

Mande enfòmasyon sou yon lokal Homebase ki pi pre adrès ou an, kisa pou w pote ak kisa pou w atann nan randevou w la.

Last Updated June 16, 2022

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.