Sote kontni prensipal la
Sante

Aksè an swen sante gratis oswa pou yon ti kras kòb

NYC Care | NYC Health and Hospitals (H+H)

1. Kijan li mache

NYC Care se yon pwogram swen sante ki ba ou aksè a pwòp doktè ou ak sèvis pou yon ti kras kòb oswa gratis. Pwogram nan bay sèvis nan lokal NYC Health + Hospitals nan tout vil la. Li disponib pou tout rezidan New York ki pa kalifye pou oswa ki pa kapab peye asirans sante.

  • Ou pral resevwa swen sante bon mache kèlkeswa sitiyasyon yo ak imigrasyon ou oswa mwayen yo pou peye.
  • Peye selon u sa ou kapab peye. Rabè sou frè yo ki baze sou kantite moun nan fanmi ou ak revni nou epi ki kòmanse a $0.
    • Pa gen okenn frè pou w manm, frè pou peye chak mwa, oswa prim.
  • Chwazi pwòp doktè ou ki kapab:
    • ede w evite malad
    • trete w lè w malad
    • konekte ou ak lòt sèvis ou bezwen pou rete an sante.
  • Epitou, ou kapab:
    • resevwa swen prevantif tankou vaksinasyon, tès depistaj woutin, tès tankou tès COVID-19, ak mamogram pou rete an sante.
    • jwenn sipò sante mantal ak sèvis pou abi dwòg oswa alkòl.
    • jwenn aksè nan medikaman sou preskripsyon pou yon ti kras kòb lajounen kou lannwit.
  • Ou ka jwenn premye randevou ou nan lespas de (2) semèn oswa mwens.
  • Nou garanti n ap pwoteje enfòmasyon prive ou. Enskripsyonnan  NYC Care pa reprezante yon risk anba règ “chaj piblik la”.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou w kalifye pou NYC Care, ou dwe:

  • Ap viv nan youn nan senk (5) minisipalite Vil New York yo.
  • Pa kalifye pou okenn plan asirans sante ki disponib nan Eta New York
  • Pa kapab peye asirans sante ki baze sou direktiv gouvènman an

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Ou pral bezwen prèv:

  • Idantifikasyon
  • Rezidans nan Vil New York
  • Revni kay la
  • Kantite moun k ap viv nan kay la

Pasyan ki te deja fè tès depistaj pou asirans nan NYS of Health Marketplace ka pote yon rezilta detèminasyon an enprime epi yo p ap bezwen lòt dokiman.

Si ou pa kapab bay dokiman yo mande yo, yon konseye ka toujou ede ou enskri. Rele nan 646-NYC-CARE (646-692-2273) pou plis enfòmasyon.

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike pa telefòn

Rele 646-NYC-CARE  (646-692-2273) t pu enskri nan NYC Care oswa pou jwenn plis enfòmasyon.

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou Sitwèb la

Vizite sitwèb NYC Care a pou plis enfòmasyon.

Imèl NYC Care

Imèl [email protected]. Tanpri pèmèt 48 èdtan pou resevwa yon repons.

Rele NYC Care

Rele 646-NYC-CARE (646-692-2273)

Resevwa èd fas-a-fas

Jwenn sit swen pasyan NYC Health + Hospitals nan kominote w la.

Last Updated May 13, 2022

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.