Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Sèvis preparasyon taks gratis

Preparasyon Taks Gratis Vil New York (NYC Free Tax prep) | NYC Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (NYC Department of Consumer and Worker Protection, DCWP)

1. Kijan li mache

Ou kalifye pou ranpli deklarasyon enpo w lan gratis nan NYC Free Tax Prep si fanmi ou te touche $85,000 oswa mwens oswa si ou se yon moun ki pa marye ki te touche $59,000 oswa mwens pandan ane 2023 a. Volontè VITA/TCE ki gen sètifikasyon IRS disponib pou ede ou ranpli.

  • Dat limit depo deklarasyon revni a se 15 avril 2024.
  • Gen plizyè fason ou ka declare enpo w gratis nan NYC Free Tax Prep:
    • Preparasyon Taks Adistans: Yon moun ki konn prepare kapab ede w ranpli taks sou revni w lan pandan 60 a 90 minit nan yon apèl adistans.
    • Preparasyon pèsonèl avèk asistans: Fè taks sou revni w lan poukont ou. Yon moun ki konn prepare taks ap disponib atravè telefòn oswa imèl pou reponn kesyon ou yo.
    • Sèvis Depo: Pase depoze dokiman enpo w yo epi pase pran l ranpli pita.
    • Fas a fas: Fè yo prepare taks ou gratis nan biwo preparasyon taks toupre ou.
  • Nan kèk sit NYC Free Tax Prep an pèsòn, preparatè volontè VITA/TCE ki gen konesans IRS sètifye ka ede moun ki se travayè endepandan yo ranpli deklarasyon enpo ki egzat.
    • Sèvis sa a disponib pou fanmi ki gen depandan ki te touche $85,000 oswa mwens ak moun ki pa marye ki te touche $59,000 oswa mwens an 2023 ak depans biznis $250,000 oswa mwens.
  • Lè w deklare enpo w, ou ka kalifye pou kredi enpo tankou EITC, Kredi sou enpo pou Timoun, oswa Kredi sou enpo pou Timoun ak Depandan. Kredi sou taks sa yo ka ogmante ranbousman ou.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou enpo ane 2023 a, ou elijib pou NYC Tax Prep si w te touche :

  • $85,000 oswa mwens an 2023 epi w gen depandan.
  • $59,000 oswa mwens an 2023 epi w pa gen depandan.

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Gade lis dokiman w ap bezwen pou ranpli taks ou.

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Plis enfòmasyon

Gade Kesyon Moun Poze Souvan sou Preparasyon Task Gratis nan New York.

Aprann plis bagay sou kredi enpo ou kapab reklame.

Last Updated February 20, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.