Sote kontni prensipal la
Travay

Fòmasyon kwasans finansye pou rezidan NYCHA

Otonomi ak Estabilite Ekonomik Rezidan NYCHA (REES) | Otorite Lojman Vil Nouyòk (NYC Housing Authority, NYCHA)

1. Kijan li mache

REES ede rezidan NYCHA amelyore avni finansye yo atravè evènman anbochaj, fòmasyon travay, edikasyon alfabetizasyon finansye, ak pwogram sou kòmanse yon biznis.

  • Patnè REES yo ka ede nan plizyè fason. Zòn pwogram yo se:
    • Edikasyon ak fòmasyon pou granmoun – klas edikasyon de baz pou granmoun (ABE), pwogram pre-HSE (Ekivalans Lekòl Segondè), ak pwogram aprantisaj lang Angle.
    • Otonòmi finansye – sèvis pou ede w rive jwenn estabilite finansye.
    • Travay ak avansman karyè – sipò pou ede w jwenn yon travay.
    • devlopman biznis rezidan – sipò pou ede w kòmanse yon biznis.

REES kapab ede rezidan ki kalifye yo jwenn aksè tou pou Earned Income Disallowance (EID), ki ka retade ogmantasyon pri lwaye a si revni w ap ogmante.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Nenpòt moun ki abite nan lojman NYCHA yo elijib pou REES.

Sepandan, sèvis ke REES konekte ou ak yo yo gen diferan règ kalifikasyon. Ou ka jwenn kritè kalifikasyon pou chak pwogram yo sou Sit Opportunity NYCHA.

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Vizite sit entènèt la

Aprann plis sou sèvis REES nan sitwèb Opportunity NYCHA.

Rele 311

Mande pou Otonomi ak Estabilite Ekonomik Rezidan.

Rele REES

Rele liy dirèk REES la nan 718-289-8100 pou aprann plis.

Vizite biwo a

Vizite biwo REES la nan 787 Atlantic Ave, Brooklyn, NY, 11238 pou jwenn èd an pèsòn.

Mizajou: Biwo REES la fèmen pou sèvis an pèsòn.

Last Updated August 4, 2022

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.