Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Peman pou granmoun ki kalifye ki pa p travay

Asirans Chomaj Eta New York (UI) | Depatman Travay Eta New York (NYS Department of Labor, NYSDOL)

1. Kijan li mache

Si w te pèdi travay ou men se pa t fòt ou, li posib pou ou kapab jwenn peman Asirans Chomaj (Unemployment Insurance, IU). UI pral ba ou yon ti lajan selon sa ou te konn touche. Ou dwe chèche yon lòt travay si w bezwen genyen UI a.

  • Si w te travay nan Eta New York nan espas 18 mwa ki sot pase yo, ou kapab fè yon reklamasyon pou Asirans pou Chomaj (Unemployment Insurance, UI).
  • Ou kapab jwenn jiska 26 semèn avantaj pandan w pa p travay.
  • Yon limit nòmal avantaj UI yo chak semèn, selon salè anvan yo, se anviwon $100-$500 dola pa semèn.
  • Yo kapab pran taks sou revni ou fè gras ak alokasyon pou chomaj nan deklarasyon revni federal ak Eta ou fè a.
  • Yo mande pou w genyen yon Nimewo Sekirite Sosyal ki valid ansanm ak yon kat idantite gouvènman an bay.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Ou kapab elijib pou Asirans Chomaj (Unemployment Insurance, UI), si:

  • ou te pèdi travay ou san se pa te fòt ou (pa egzanp, yo te voye ou lakay ou paske pa t gen travay).
  • ou te travay nan espas 18 mwa ki sot pase yo epi ou pare, ou gen volonte epi ou kapab travay tousuit.
  • ou ap chèche travay san pran souf epi ou note jefò ou fè yo (sou entènèt oswa alekri).
  • ou gen ase revni nan dènye travay ou te genyen an pou w pwouve yon reklamasyon.
  • yo otorize ou travay nan peyi Etazini epi yo te otorize ou travay lè ou te pèdi travay ou a.

Depoze yon reklamasyon menm si ou pa kwè ou elijib.

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Sa yo se dokiman ou bezwen pou w aplike. Ou kapab aplike san dokiman sa yo. Pa kont, si w manke enfòmasyon sa ka fè ou gen reta sou premye pèman w.

  • Nimewo Sekirite Sosyal ou
  • Lisans chofè w la oswa nimewo kat ID Veyikil-a-Motè w la (si w gen youn oubyen lòt)
  • Adrès ak kòd postal konplè ou
  • Nimewo telefòn kote nou ka jwenn ou soti 8è nan maten pou 5è nan apremidi, lendi pou rive vandredi
  • Nimewo kat Anrejistreman Etranje w la (si ou pa yon sitwayen ameriken men ou gen yon kat)
  • Non ak adrès tout patwon yo pandan 18 mwa ki sot pase yo, ak sa ki nan lòt eta yo tou
  • Nimewo Anrejistreman Patwon oswa Nimewo Idantifikasyon Federal Patwon (Federal Employer Identification Number, FEIN) pou patwon pi resan ou yo (sou fòm W-2 ou yo)
  • Kopi fòm SF8 ak SF50, si ou se yon anplwaye federal
  • Fòm separasyon ou ki pi resan (DD 214), pou sèvis militè

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

Fason ki pi fasil pou w aplike pou alokasyon pou chomaj yo se anliy sou sit entènèt NYS DOL la. Si yo dekouvri w elijib pou avantaj yo, ou pral bezwen konfime avantaj ou yo chak semèn.

Aplike sou entènèt

Aplike pa telefòn

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Ale sou sit entènèt Asirans Chomaj Eta New York la pou w jwenn plis enfòmasyon.

Rele 311

Mande asistans Asirans Chomaj Eta New York la.

Last Updated June 5, 2023

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.