Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Alèjman taks sou pwopriyete pou pwopriyetè kay ki aje yo

Egzanpsyon pou pwopriyetè granmoun aje yo (SCHE) | NYC Depatman Finans (NYC Department of Finance, DOF)

1. Kijan li mache

SCHE redwi taks sou pwopriyete moun elijib ki aje yo. Ou ka redwi valè fiskal kay ou a de 5-50% sa depan de revni ou yo.

  • Aplike anvan 15 mas pou avantaj yo kòmanse 1ye jiyè nan ane sa a. Si 15 mas tonbe nan wikenn oswa yon jou ferye, dat limit lan se pwochen jou ouvrab la.
  • Li mande prèv laj, revni, ak dediksyon taks.
  • Si pwopriyete w la kalifye pou SCHE ak Egzanpsyon pou Pwopriyetè Kay ki gen Andikap (Disabled Homeowners Exemption, DHE), yo ap sèlman ba ou SCHE. Ou pa kapab jwenn toude.
  • Renouvle chak de (2) lane anvan 15 mas. Depatman Finans ap voye yon aplikasyon renouvèlman ba ou lè peryòd renouvèlman an rive. Si ou pa renouvle, taks sou pwopriyete w la kapab ogmante anpil.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou w kapab elijib pou SCHE, ou dwe reponn avèk rekòmandasyon sa yo:

  1. Posede yon kay, yon kay a de oswa twa fanmi, posede yon kay kondominyòm oswa yon apatman kowoperatif.
  2. Tout pwopriyetè yo gen 65 an oswa plis. Sepandan, si ou posede pwopriyete a avèk yon mari oswa madanm oswa frè oswa sè, sèlman youn nan nou ki bezwen gen 65 an oswa plis.
  3. Tout pwopriyetè yo dwe ap viv nan pwopriyete a kòm rezidans prensipal.
  4. Revni ansanm pou tout pwopriyetè yo dwe pi piti oswa egal a $58,399.
  5. Ou dwe posede pwopriyete a pandan omwen 12 mwa youn dèyè lòt anvan dat ou ranpli pou egzanpsyon an. Se pa yon egzijans si ou gen egzanpsyon an sou yon pwopriyete ou te posede anvan sa.

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

Aplike an liy anvan 15 mas pou avantaj yo kòmanse 1ye jiyè. Si 15 mas tonbe nan wikenn oswa yon jou ferye, dat limit lan se pwochen jou ouvrab la.

Si ou ap viv nan yon kowoperativ, lè w ap aplike, itilize Aplikasyon DHE co-ops a.

Lè w ap fè aplikasyon an, w ap bezwen awondisman an, katye a epi nimewo (BBL) kay ou a. Itilize rechèch adrès pwopriyetè pou w jwenn enfòmasyon sa yo.

Aplike anliy

Aplike pa lapòs

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Vizite sit entènèt SCHE a pou w aprann plis.

Imèl DOF

Voye yon mesaj nan nyc,gov/contactdof

Rele 311

Mande pou w benefisye pwogram egzanpsyon pou granmoun ki aje ki se pwopriyetè kay yo.

Rele SCHE

Rele 212-NEW-YORK (212-639-9675)

Jwenn èd pou aplikasyon an

Rele 929-252-7242 pou w kapab jwenn èd pèsonalize pou aplikasyon DRIE a nan men yon espesyalis Inite Angajman Piblik NYC.

Last Updated December 8, 2023

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.