Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Pri lwaye estabilize pou granmoun ki nan laj

Egzanpsyon nan Ogmantasyon Pri Lwaye pou Granmoun Aje (Senior Citizen Rent Increase Exemption, SCRIE) (SCRIE) | NYC Depatman Finans (NYC Department of Finance, DOF), NYC Konsèvasyon ak Devlopman Lojman (NYC Housing Preservation and Development, HPD)

1. Kijan li mache

SCRIE ede granmoun ki elijib ki gen 62 lane oswa plis rete nan lojman bon mache kote yo bloke pri lwaye yo. Lokatè yo ka toujou kontinye peye sa yo t ap peye a menm si pwopriyetè a monte pri lwaye a. Yon kredi sou taks sou pwopriyetè peye pou diferans lan ant pri lwaye aktyèl la ak pri lwaye ki bloke a.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou ou kapab elijib pou SCRIE, ou dwe ka reponn “wi” ak tout kesyon sa yo:

  1. Èske w gen 62 lane oswa plis?
  2. Èske non w nan kontra lokasyon an (oswa sètifika pataje a si w ap viv nan youn nan devlopman Mitchell-Lama yo)?
  3. Èske si w pran tout revni moun lakay ou ap rantre pa ane w ap jwenn $50,000 oswa mwens?
  4. Èske w depanse plis pase yon ka nan revni mansyèl ou nan lwaye?
  5. Èske w ap viv nan vil New York nan youn nan kalite lojman sa yo?
    • apatman pri lwaye a estabilize
    • apatman pri lwaye a limite pa gouvènman
    • otèl pri yo fikse pa gwoup moun k ap jere otèl ki soti nan komisyon lwaye a oswa chanm endividyèl
    • yon devlopman Mitchell-Lama
    • devlopman yon konpayi lojman kote Dividan yo Limite
    • renovasyon yon konpayi devlopman
    • Yon fon devlopman pou konpayi lojman

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike pa lapòs

Aplike pa telefòn

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Pou jwenn plis enfòmasyon anliy

Ale sou sit entènèt Pwogram pou Bloke Pri Lwaye an pou aprann plis.

Si w ap viv nan yon devlopman HPD, ale sou sit entènèt HPD la pou aprann plis sou SCRIE HPD sipèvize a.

Kontakte SCRIE

Mande èd nan Depatman Finans lan.

Imèl HPD

Si w gen kesyon sou SCRIE HPD sipèvize, voye yon imèl nan [email protected]

Rele 311

Mande enfòmasyon sou SCRIE.

Rele SCRIE lè w itilize TTY

Rele 212-639-9675 si ou gen difikilte pou tande.

Rele HPD

Rele 212-863-8494 si w gen kesyon sou SCRIE HPD sipèvize.

Jwenn èd pou aplikasyon an

Rele 929-252-7242 pou w kapab jwenn èd pèsonalize pou aplikasyon DHE a nan men yon espesyalis Inite Angajman Piblik NYC.

Last Updated December 8, 2023

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.