Retounen sou paj sa a : https://access.nyc.gov/ht/programs/senior-citizens-rent-increase-exemption-%e2%80%8bscrie/
Estabilizasyon pri lwaye pou granmoun aje
Egzanpsyon nan Ogmantasyon Pri Lwaye Granmoun Aje (SCRIE) | NYC Depatman Finans / Konsèvasyon ak Devlopman Lojman Vil New York
1. Kijan li mache
Pwogram Egzansyon sou Lwaye pou Moun ki Aje (Senior Citizens Rent Increase Exemption Program (SCRIE)) ede moun ki aje ki kalifye rete nan kay abòdab ak yon jèl lwaye. Si pri lwaye moun ki nan Pwogram Egzansyon sou Lwaye pou Moun ki Aje (Senior Citizens Rent Increase Exemption Program (SCRIE)) a ogmante, yo p ap peye pi chè. Vil la peye pwopriyetè a diferans ant lwaye aktyèl la ak lwaye alavni an.
- Apre ou fin aplike, li kapab pran 10 a 15 jou pou jwenn yon repons
- Ou kapab kalifye pou SCRIE menm si ou poko deklare taks ou
- Ou pa bezwen pèmisyon pwopriyetè kay la pou aplike
- Gen kèk dokiman w ap bezwen voye. Pa janm voye dokiman orijinal ou pa lapòs, jis voye kopi yo
- Moun aje ki gen pwòp kay, kondominyòm, oswa kay koperativ prive ki pa sou sipèvizyon gouvènman yo kapab kalifye pou SCRIE
- Ou kapab aplike pa lapòs oswa nan telefòn
- Pwogram Jèl Lwaye Vil New York la gen Egzansyon sou Ogmantasyon Lwaye pou Andikape (Disability Rent Increase Exemption (DRIE)) ladan tou.
Pwochen seksyon:
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Vizite sitwèb la
Vizite sitwèb SCRIE a pou aprann plis sou pwogram sa a.
Revize Pwogram Bloke Pri Lwaye (SCRIE ak DRIE) ak 19 kesyon yo poze souvan COVID-19.
Imèl SCRIE
Imèl SCRIE pou plis enfòmasyon.
Voye imèl bay HPD si w ap viv nan Mitchell-Lama oswa devlopman Konpayi Redevlopman pou w jwenn plis enfòmasyon.
Rele 311
Mande pou espesyalis SCRIE yo.
Rele SCRIE ak TTY
Rele 212-639-9675 si ou gen difikilte pou tande.
2. Detèmine pou kisa ou kalifye
Pou w ka kalifye pou SCRIE, ou sipoze kapab reponn wi pou tout kesyon sa yo:
- Èske ou gen 62 an oswa plis?
- Èske non ou sou kontra lwaye a?
- Èske revni tout moun nan kay la mete ansanm se $50,000 oswa pi piti pa ane?
- Èske ou depanse plis pase yon tyè revni chak mwa ou nan lwaye?
- Èske w ap viv nan NYC nan youn nan kalite lojman sa yo?
- yon apatman pri lwaye estabilize
- yon apatman pri lwaye kontwole
- yon otèl oswa yon chanm kay ak lwaye kontwole
- yon devlopman Mitchell-Lama
- yon devlopman Konpayi Lojman Dividann Limite
- yon devlopman yon Konpayi Redevlopman
- yon Konpayi Fon Devlopman pou Lojman
Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.
Èske mwen kalifye?Pwochen seksyon:
3. Sa ou bezwen mete
Li enpòtan pou ou mete bon dokiman yo lè w ap aplike. Dokiman yo montre si pwogram yo apwopriye pou ou ou pa.
Paj sa a kapab ede ou chwazi dokiman ki apwopriye pou aplikasyon ou a.
Prèv kiyès ou ye
Pou chak moun kap aplike, nenpòt nan dokiman sa yo
- Lisans chofè/Idantifikasyon Ofisyèl ak Foto
- IDNYC
- Batistè
- Sètifika batèm/oswa lòt sètifika relijye
- Paspò
- Kat Sekirite Sosyal pou Depandan
- Kat Sekirite Sosyal oswa ITIN
- Dosye maryaj
- Kat Medicaid
- Sètifika natiralizasyon
- Dosye Ofisyèl nesans Lopital bay/dosye nesans ki dokimante
- Dosye Ofisyèl Lekòl
- Lòt dosye ofisyèl ki montre dat nesans
- Dosye Adopsyon
Prèv kote w rete
For the household, a copy of all that apply:
For Rent Stabilized apartments
- Kontra Lwaye – Kontra lwaye anvan ak kounye a sou yon ane oswa dezan ou siyen oswa mèt kay ou siyen
- Kondisyon siplemantè preferansyèl (si genyen)
- Kredi Fiskal nan Lojman pou Moun ki pa Touche Ase Revni [Low Income Housing Tax Credit (LIHTC)] oswa kondisyon siplemantè 80/20 oswa 60/40 (si genyen) oswa Lis Pri Lwaye DHCR ou Abitye Peye
- Nenpòt dènye Lòd pou Gwo Amelyorasyon Enpòtan (Major Capital Improvement, MCI) Divizyon Lojman ak Renouvèlman Kominote (Division of Housing and Community Renewal, DHCR) te bay
Apatman ki sou lwaye kontwole (a copy of all of these)
- Avi pou Ogmantasyon nan Pri Lwaye Maksimòm Debaz anvan ane almannak ak Fòm Pri Lwaye Maksimòm pou Peye RN-26
- Avi pou Ogmantasyon nan Pri Lwaye Maksimòm Debaz nan ane almannak la nan moman an ak Fòm Pri Lwaye Maksimòm pou Peye RN-26
- Rapò Mèt Kay la pou ane almannak anvan an ak Fòm Sètifika ajisteman frè gaz Fòm RA33.10
- Rapò Mèt Kay la pou ane almannak nan moman an ak Fòm Sètifika ajisteman frè gaz Fòm RA33.10
Init Otèl ki Kontwole Pri Lwaye
- Anrejistreman anyèl DHCR pou ane anvan an ak ane aktyèl la
- Lèt sou ogmantasyon lwaye ki siyen ke Administrasyon an oswa Pwopriyetè a ekri oswa enfòmasyon sou tout lwaye DHCR
- Nenpòt dènye Lòd pou Gwo Amelyorasyon Enpòtan (Major Capital Improvement, MCI) Divizyon Lojman ak Renouvèlman Kominote (Division of Housing and Community Renewal, DHCR) te bay
For Mitchell-Lama Limited Dividend Redevelopment (a copy of all of these)
- Dokiman ki gen lis pri lwaye oswa lèt biwo direksyon ou bay ki endike dat dènye ogmantasyon pri lwaye ou, ak kantite lajan ou peye anvan ak apre ogmantasyon an.
- Housing Preservation & Development (HPD) or Division of Housing & Community Renewal (DHCR) Commissioner’s Order
For Housing Development Fund Company
- A Notice of Rent or Carrying Charge Increase signed by the HDFC Management
- Copy of the share certificate (if applicable)
Prèv sou Revni Tout Moun nan Kay la touche
Pou chak sous revni pou chak moun ki touche revni, nenpòt nan dokiman sa yo:
Lajan w touche ak Salè
- W-2
- Deklarasyon revni (inkòm taks)
Travay Endepandan
- 1099-G
- Lèt/sètifika benefis
- Korespondans Depatman Travay nan Leta Nouyòk (NYS Dept. of Labor) voye
Asistans Lajan Kash
- Lèt bidjè pou Asistans ak Lajan Kach
Benefis Chomaj
- Lèt/sètifika benefis
- Chèk benefis ki resan
Avantaj Sekirite Sosyal (SSI, Depandan, Andikap, Sivivan Retrèt)
- Lèt ou resevwa nan Administrasyon Sekirite Sosyal (Social Security Administration) ki montre kantite lajan avantaj yo peye nan ane almannak anvan an (pa egzanp, Avi pou Chanjman nan Peman pou avantaj SSI, oswa avantaj SSA-1099 SSDI)
Benefis pou Veteran
- Korespondans nan Administrasyon Veteran ki kontre kantite lajan Pansyon Andikap oswa kantite lajan Konpansasyon ki peye nan ane almannak anvan
Pansyon/ Vèsman Anyèl/ Kont Pèsonèl pou Retrèt (IRA)
- 1099-R
- Etadkont pou pansyon/vèsman anyèl
Enterè/Dividann/Redevans
- 1099-DIV
- 1099-INT
- Etadkont labank, kredi inyon oswa yon enstitisyon finansyè
Sipò nan men lòt manm nan fanmi
- Signed letter from friend/family stating amount of monetary assistance
lòt Revni
- Signed letter from boarder stating rental payments
Pwochen seksyon:
4. Kijan pou ou aplike
Men opsyon ou yo:
Aplike pa lapòs
- Telechaje aplikasyon an epi ranpli li. Epitou ou kapab al pran youn nan Sant San Randevou SCRIE a oswa rele 311 pou mande yo voye yon aplikasyon pou ou pa lapòs.
- Voye aplikasyon ou ranpli ak siyen an pa lapòs ansanm ak dokiman sipò yo nan:
Rent Freeze Program – SCRIE
P.O. Box 3179
Union, NJ 07083 - Moun k ap viv nan Mitchell-Lama oswa devlopman Konpayi Redevlopman yo ta dwe voye aplikasyon ak dokiman yo a pa imèl bay SCRIE@hpd.nyc.gov.
Aplike pa telefòn
Pou w aplike nan telefòn, rele HPD nan 212-863-8494 si w ap viv nan yon lojman devlopman Mitchell-Lama oswa nan Redevlopement Company.
Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.
Depi ou bay adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou, sa vle di ou dakò pou minisipalite Vil New York la kontakte ou konsènan rezilta evalyasyon pou asistans piblik ACCESS NYC a. Aktivite ou nan ACCESS NYC ap rete anonim, men si ou bay nimewo ou sa kapab idantifye ou ak devwale ou te itilize sitwèb la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan Minisipalite a kapab itilize enfòmasyon ou pataje ak ACCESS NYC, vizite Terms of Use for NYC.gov ak Privacy Policy for NYC.gov.
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Vizite sitwèb la
Vizite sitwèb SCRIE a pou aprann plis sou pwogram sa a.
Revize Pwogram Bloke Pri Lwaye (SCRIE ak DRIE) ak 19 kesyon yo poze souvan COVID-19.
Imèl SCRIE
Imèl SCRIE pou plis enfòmasyon.
Voye imèl bay HPD si w ap viv nan Mitchell-Lama oswa devlopman Konpayi Redevlopman pou w jwenn plis enfòmasyon.
Rele 311
Mande pou espesyalis SCRIE yo.
Rele SCRIE ak TTY
Rele 212-639-9675 si ou gen difikilte pou tande.