Sote kontni prensipal la
Travay

Fè eksperyans travay ki peye nan sezon ete pou jèn

Pwogram Travay pou Jèn pandan sezon Ete (SYEP) | Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè NYC (Department of Youth and Community Development, DYCD)

1. Kijan li mache

Jèn nan Vil New York ki gen 14-24 lane yo kapab fè eksperyans travay ki peye epi yo kapab gen posibilite pou eksplore karyè chak ete.

  • Aplike anvan 15ye mas 2024. Seleksyon an baze sou yon lotri.
  • SYEP ofri:
    • Fòmasyon preparasyon pou travay
    • Aprantisaj ki baze sou pwojè
    • Fòmasyon sou edikasyon finansye
    • Travay ete ki peye
  • Gen travay ki disponib pou jèn ki gen andikap.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Ou kapab elijib si:

  • abite nan Vil New York
  • gen 14-24 lane

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Sa yo se dokiman ou ap bezwen pou ou aplike. Ou ap bezwen yon dokiman nan chak kategori. Gen kèk dokiman ki kapab konte pou plis pase yon kategori.

Prèv Nimewo Sekirite Sosyal

Kat Sekirite Sosyal, aplikan an siyen

Prèv idantite

Prèv laj

Prèv adrès

Prèv otorizasyon pou travay (si ou gen ant 16-24 lane)

Lòt dokiman (si yo aplikab)

Prèv sitiyasyon andikap

Prèv enskripsyon Sèvis Selektif ou a

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike pa telefòn

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt SYEP la

Aprann plis sou SYEP nan Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè a (DYCD).

Rele 311

Mande asistans pou Pwogram Travay Jèn ete.

Rele DYCD Community Connect

Rele 800-246-4646 pou plis enfòmasyon.

Last Updated March 13, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.