Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Lajan pou achte manje

Pwogram Asistans Nitrisyonèl Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program) (SNAP) | NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

1. Kijan li mache

Jwenn èd pou achte pwovizyon ak SNAP, sa n te konn rele food stamp avan. W ap jwenn lajan an sou yon kat debi ke w kapab itilize nan plizyè makèt oubyen mache.

  • Ou ka aplike pou Lajan Kach, SNAP ak Medicaid tout nan menm moman an ak menm fòmilè aplikasyon èd Kach la sou ACCESS HRA.
  • Si ou elijib, w ap resevwa avantaj ou yo nan 30 jou.
  • Selon sitiyasyon w, ou kapab kalifye pou SNAP menmsi w pa yon sitwayen ameriken.
  • Ou kapab otorize yon moun ki konnen sitiyasyon moun nan kay ou aplike pou ou.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pwogram sa a egzamine plizyè bagay pou li deside si ou elijib. Ki gen ladan yo:

  • kantite kòb ou fè
  • kantite kòb ou resevwa gras ak avantaj
  • kantite moun ki ap viv lakay ou;

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Gade dokiman gid SNAP la pou wè dokiman w ap bezwen yo

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

  1. Aplike anliy lè w itilize ACCESS HRA. Ou ka aplike pou èd lajan Kach, Snap, ak Medicaid tout nan menm moman.
  2. Eskane dokiman ou yo lè w sèvi ak aplikasyon Telechajman Dokiman HRA NYC genyen an, ki disponib gratis sou iTunes Store (pou telefòn iphone) oswa sou Google Play Store (pou telefòn Android).
  3. Apre ou fin soumèt aplikasyon w lan, yo ap kontakte ou pou w fè yon entèvyou pou wè si w elijib. Ou kapab fè entèvyou w la nan telefòn san ou pa bezwen vini nan yon sant SNAP.
  4. Ou kapab ale sou ACCESS HRA pou verifye estati aplikasyon w lan ye.
  5. Ou ap bezwen resètifye pou SNAP chak ane. Biwo SNAP la ap voye yon dosye re-sètifikasyon pa lapòs ba ou pou w ranpli epi voye tounen pa lapòs bay HRA. Ou kapab tou re-setifye anliy nan ACCESS HRA. Yonfwa ou voye demand renouvèlman an ale, rele 718-SNAP-Kounya (718-762-7669) pou yon entèvyou.

Aplike anliy

Aplike pa lapòs

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Vizite sit entènèt SNAP la pou aprann plis bagay sou pwogram sa a.

Rele 311

Mande pou SNAP

Rele HRA

Rele Liy Enfòmasyon HRA a nan 718-557-1399 pou jwenn plis enfòmasyon

Vizite yon Biwo SNAP oswa yon Òganizasyon Kominotè

Vizite yon biwo SNAP oswa Òganizasyon Kominotè (CBO) nan zòn ou pou jwenn èd fas a fas.

Last Updated December 14, 2023

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.