1. Kijan li mache
ActionNYC ofri èd legal imigrasyon gratis epi san danje kèlkeswa sitiyasyon ou ak imigrasyon. Sèvis yo se founisè sèvis legal ou ka fè konfyans nan òganizasyon kominotè, lopital, ak lekòl yo ki ofri yo.
- Jwenn tès legal gratis epi konplè pou konnen si ou kalifye pou nenpòt avantaj imigrasyon.
- Jwenn èd jiridik gratis nan men yon reprezantan legal ki gen eksperyans pou divès kalite ka, tankou:
- Sitwayènte
- Aplikasyon pou kat rezidans ak renouvèlman
- Aksyon Difere pou Timoun ki Rive nan Peyi a (Deferred Action for Childhood Arrivals, DACA)
- Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ak plis toujou
- Enfòmasyon ou yo pral konplètman konfidansyèl epi se òganizasyon k ap ede ou ak ka ou a k ap kenbe yo. Yo pa pral pataje enfòmasyon deklika yo ak lòt moun.
- Yo ofri sèvis yo nan lang ou.
- Gid Resous ak Referans la gen enfòmasyon sou sèvis pou timoun imigran ki fèk rive yo ak fanmi yo ak moun k ap okipe yo, ki gen ladan refijye yo. Sa yo gen ladan yo edikasyon, sèvis pou byennèt timoun ak fanmi, sante, legal, ak lòt sèvis.
- Ou kalifye si ou se yon imigran k ap viv nan Vil New York, kèlkeswa sitiyasyon ou ak imigrasyon.
Pwochen seksyon:
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Ale sou sitwèb la
Ale sou sitwèb Biwo Majistra a pou Afè Imigran yo nan NYC pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon
Gade nan Gid Resous ak Referans pou jwenn plis enfòmasyon sou sèvis pou timoun imigran ki fèk rive yo ak fanmi yo ak moun k ap okipe yo.
Rele 311
Rele 311 epi di “ActionNYC”.
2. Detèmine pou kisa ou kalifye
ActionNYC se pou tout rezidan New York yo, kèlkeswa sitiyasyon yo ak imigrasyon. Sitiyasyon ou ak imigrasyon pa afekte kalifikasyon ou pou itilize ActionNYC.
Pwochen seksyon:
3. Kijan pou ou aplike
Men opsyon ou yo:
Aplike pa telefòn
Aplike nan telefòn:
- Rele 800-354-0365 ant 9 a.m. ak 6 p.m. Lendi – Vandredi pou pran yon randevou
- Ou ka rele 311 epi di “ActionNYC” tou
Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.
Depi ou bay adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou, sa vle di ou dakò pou minisipalite Vil New York la kontakte ou konsènan rezilta evalyasyon pou asistans piblik ACCESS NYC a. Aktivite ou nan ACCESS NYC ap rete anonim, men si ou bay nimewo ou sa kapab idantifye ou ak devwale ou te itilize sitwèb la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan Minisipalite a kapab itilize enfòmasyon ou pataje ak ACCESS NYC, vizite Terms of Use for NYC.gov ak Privacy Policy for NYC.gov.