Retounen sou paj sa a : https://access.nyc.gov/ht/programs/home-energy-assistance-program-heap/
Lajan pou depans chofaj ak sèvis piblik
Pwogram Asistans ak Enèji Kay (HEAP) | NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)
1. Kijan li mache
HEAP ede mèt kay ki kalifye yo pou yo peye depans chofaj kay yo. Avantaj la ka peye pou gaz, sous sèvis piblik ou yo, ranplasmanak reparasyon ekipman chofaj yo. Yo peye founisè chofaj la oswa konpayi sèvis piblik la avantaj la dirèkteman. Ou ka aplike pou HEAP chak ane lè pwogram lan louvri.
- Avantaj HEAP la disponib apati dat 1ye Oktòb 2021. Aplike anvan dat 29 avril 2022.
- Si yo asepte w, ou pral benefisye avantaj HEAP yo pou peryòd aktyèl sa.
- Ou pral gen pou w aplike pou pwogram HEAP lan chak ane lè pwogram lan disponib.
- Ou ap kapab benefisye avantaj HEAP yo menm si sèvis chofaj ou an antre nan kalkil lajan w bay pou lwaye an.
- Ap gen yon avantaj Emergency HEAP ki disponib pou ou si sèvis chofaj ou an te etenn oswa si ou pat gen kabiran pou fè l fonksyone ankò. Aplike anvan 31 out 2022. Nou bay avantaj yo sou yon baz premye vini, premye sèvi.
- Gen lòt avantaj ki disponib ki kapab ede w, tankou:
- pou peye aryere sèviz gaz ak/oswa kouran yo.
- pou repare oswa ranplase founo, chodyè chofaj, ak lòt ekiopman dirèk nan sistèm chofaj lan, si w se yon pwopriyetè kay.
- pou resevwa sèvis jesyon enèji tankou netwayaj ekipman chofaj.
- Jwenn plis enfòmasyon sou avantaj sa yo sou sit entènèt OTDA’s HEAP an.
Pwochen seksyon:
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Vizite sitwèb la
Ale sou sit entènèt Pwogram Asistans Enèji Lojman (Home Energy Assistance Program, HEAP) | OTDA pou plis enfòmasyon.
Rele 311
Mande èd pou Pwogram Asistans Enèji nan Kay (Home Energy Assistance Program).
Rele HEAP
Rele nan 212-331-3126 oswa rele Liy Enfòmasyon HEAP la nan 800-692-0557 pou w kapab jwenn asitans nan kad avantaj HEAP yo.
2. Detèmine pou kisa ou kalifye
Kay ou an kapab kalifye pou avantaj Regular HEAP yo si w ka reponn wi pou kesyon sa yo:
- Èske ou menm ak moun ki ap viv ansanm avè w yo se sitwayen ameriken oswa yo gen papye imigrasyon yo kòrèk?
- Èske revni ou rive nan oswa pi ba limit ki afiche yo?
Kantite moun nan fanmi an | Revni pa Mwa (2021-2022) |
1 | $2,729 |
2 | $3,569 |
3 | $4,409 |
4 | $5,249 |
5 | $6,088 |
6 | $6,928 |
7 | $7,086 |
8 | $7,243 |
9 | $7,401 |
10 | $7,558 |
11 | $7,715 |
12 | $7,873 |
13 | $8,420 |
Pou chak moun an plis, ajoute: | $568 |
Kay ou an kapab kalifye pou avantaj Emergency HEAP yo si w ka reponn wi pou kesyon sa yo:
- Èske genyen nenpòt nan sa ki pi ba yo aplike pou ou?
- Yo koupe oswa gen plan pou koupe kouran ki nesesè pou sistèm chofaj oswa tèmostat ou a mache an.
- Sistèm chofaj ou an te etenn (koupe) oswa gen posibilite pou yo etenn (koupe) li.
- Ou pa gen kabiran ankò oswa w genyen mwens pase yon ka kabiran nan rezèvwa w.
- Èske fakti chofaj oswa kouran w lan fèt sou non w?
- Èske resous finansyè ki disponib nan mitan moun ki nan kay ou yo:
- mwens pase $3,000 si genyen pami yo yon moun ki gen 60 lane oswa plis?
- mwens pase $2,000 si pa genyen pami yo yon moun ki gen 60 lane oswa plis?
- Èske w satisfè youn (1) nan kondisyon revni sa yo?
- Ou resevwa avantaj SNAP, Asistans Tanporè, oswa Revni Sekirite Siplemantè Kòd A.
- Fanmi w parèt nan oswa anba limit revni bri mansyèl sa yo ki afiche nan tablo sa pa rapò ak gwosè kay ou an.
Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.
Èske mwen kalifye?Pwochen seksyon:
3. Sa ou bezwen mete
Li enpòtan pou ou mete bon dokiman yo lè w ap aplike. Dokiman yo montre si pwogram yo apwopriye pou ou ou pa.
Paj sa a kapab ede ou chwazi dokiman ki apwopriye pou aplikasyon ou a.
Prèv kiyès ou ye
Pou omwen yon manm nan kay la:
- Nimewo Sekirite Sosyal Valab (SSN)
Pou chak moun k ap aplike, nenpòt dokiman:
- Lisans chofè
- ID foto
- Paspò Ameriken oswa Sètifika Natiralizasyon
- Papye Adopsyon, Dosye Lopital oswa Doktè
- Dosye lekòl
Oswa pou chak moun k ap aplike, nenpòt ki de dokiman :
- Sètifika nesans oswa sètifika batèm
- Deklarasyon yon lòt moun
Prèv kote w rete
Pou kay la, nenpòt ki dokiman:
- Fotokopi papye tè ki pi resan an
- Lèt/kontra fèm/resi lwaye ki resan e ki gen adrès lakay ou sou li e ke pwopriyetè kay la ba w
- Deklarasyon ke pwopriyetè kay la, ki pa yon fanmi, fè
Oswa pou kay la, nenpòt de dokiman:
- Deklarasyon yon lòt moun
- Kouran lapò
- Dosye lekòl la
Prèv revni ou
Pou chak sous revni pou chak moun ki touche revni, nenpòt nan dokiman sa yo:
Lajan w touche ak Salè
- Lèt patwon w lan ekri sou papye a antèt konpayi an, ki siyen e ki gen dat la sou li
- Souch chèk (nan kat (4) dènye semèn ou te travay youn apre lòt yo)
- Dosye biznis
Travay Endepandan
- Etadkont pou pansyon/vèsman anyèl
- Depoze deklarasyon taks federal pou ane aktyèl la
Asistans Lajan Kash
- Lèt Bidjè pou Asistans Lajan Kash
Revni ki sot nan Lwaye oswa Lokasyon/Pansyon
- Yon chèk kesye / depoze
- Gran-Liv/Liv Resi Lwaye
- Lèt moun k ap lwe chanm lan, pansyonè a, lokatè a ekri
Peman bay Militè
- Lèt benefis ki resan
- Souch chèk ki resan
Sipò pou Timoun/Pansyon Alimantè
- Souch chèk pou pansyon alimantè
- Souch chèk pou sipò pou timoun
- Lèt tribinal la ekri
- Lèt moun k ap bay sipò a ekri
Benefis Chomaj
- Lèt/sètifika benefis
- Korespondans Depatman Travay nan Leta Nouyòk (NYS Dept. of Labor) voye
- Etadkont Benefis
Avantaj Sekirite Sosyal (SSI, Depandan, Andikap, Sivivan, Retrèt)
- Chèk benefis ki resan
Dedomajman pou Travayè
- Lèt benefis ki resan
- Souch chèk ki resan
Benefis pou Veteran
- Lèt benefis ki resan
- Souch chèk benefis ki resan
Pansyon/ Vèsman Anyèl/ Kont Pèsonèl pou Retrèt (IRA)
- Etadkont pansyon oswa annwite
Enterè/Dividann/Redevans
- 1099-DIV
- 1099-INT
- Etadkont labank, kredi inyon oswa yon enstitisyon finansyè
Sipò nan men lòt Manm nan Fanmi
- Fotokopi chèk yon moun nan fanmi w ekri e ki touche
- Deklarasyon oswa lèt yon moun nan fanmi w ekri epi siyen
Prèv depans
Pou chak depans, nenpòt nan dokiman sa yo
Depans pou Swen Timoun/Depandan
- Lòd tribinal
Pou Depans Nan Mezon Abri
- Resi lwaye ki resan
- Kontra fèm ki resan
- Dosye ipotèk
- Dosye taks sou pwopriyete
- Bòdwo pou antretyen dlo sal ak bòdwo pou dlo
- Bòdwo pou gaz
- Bòdwo pou sèvis piblik
Prèv Kondisyon Sitwayènte oswa Imigrasyon
Pou chak moun k ap aplike, nenpòt dokiman sou demann HRA:
- Batistè meriken
- Paspò ameriken
- Sètifika batèm ameriken
- Dosye Lopital oswa doktè
- Kat Rezidans (devan ak dèyè)
- Sètifika natiralizasyon
- Kat Otorizasyon Travay : I-688B oswa I-766
- Lèt USCIS I-210
- Fòmilè USCIS I-181
- Fòmilè USCIS I-220B
- Kat Dosye Arive-Depa Fòm Imigrasyon I-94
- Lòt dokiman imigrasyon, oswa korespondans ou voye bay imigrasyon oswa te resevwa nan men yo, ki montre w ap viv Ozetazini epi imigrasyon okouran epi yo ba ou pèmisyon.
Prèv resous ou
Pou chak resous pou chak moun ki gen resous la, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Liv labank
- Etadkont labank
- Akò pou antèman
- Fotokopi aksyon, bon, tit plasman
- Dosye kredi inyon
- Tit pwopwiyete oswa Evalyasyon imobilye
- Bank oswa deklarasyon dividann
- Deklarasyon ki soti nan enstitisyon kote lajan yo depoze oswa jere
Prèv andikap ou
Pou chak moun ki gen yon andikap, nenpòt nan youn nan dokiman sa yo:
- Prèv sou Revni Sekirite Sosyal pou Moun ki Enfim (Social Security Disability) oswa Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income: SSI)
Pwochen seksyon:
4. Kijan pou ou aplike
Men opsyon ou yo:
Aplike pa telefòn
Nou fèmen aplikasyon HEAP regilye yo pou sezon an. Sepandan, ou ka toujou aplike pou yon HEAP Dijans anvan 31 out 2022 lè w rele 212-331-3126. Nou bay avantaj HEAP Dijans yo sou yon baz premye vini, premye sèvi.
Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.
Depi ou bay adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou, sa vle di ou dakò pou minisipalite Vil New York la kontakte ou konsènan rezilta evalyasyon pou asistans piblik ACCESS NYC a. Aktivite ou nan ACCESS NYC ap rete anonim, men si ou bay nimewo ou sa kapab idantifye ou ak devwale ou te itilize sitwèb la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan Minisipalite a kapab itilize enfòmasyon ou pataje ak ACCESS NYC, vizite Terms of Use for NYC.gov ak Privacy Policy for NYC.gov.
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Vizite sitwèb la
Ale sou sit entènèt Pwogram Asistans Enèji Lojman (Home Energy Assistance Program, HEAP) | OTDA pou plis enfòmasyon.
Rele 311
Mande èd pou Pwogram Asistans Enèji nan Kay (Home Energy Assistance Program).
Rele HEAP
Rele nan 212-331-3126 oswa rele Liy Enfòmasyon HEAP la nan 800-692-0557 pou w kapab jwenn asitans nan kad avantaj HEAP yo.
Thank you for your feedback.
Something went wrong. Please try again later.