Retounen sou paj sa a : https://access.nyc.gov/ht/programs/supplemental-nutrition-assistance-program-snap/
Lajan pou achte manje
Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè (SNAP) | NYC Jesyon Resous Imèn
1. Kijan li mache
Jwenn èd pou peye pou manje ak SNAP. Pafwa yo rele avantaj SNAP yo koupon manje. Yo vini sou yon kat debi ou kapab itilize nan plizyè makèt ak mache kiltivatè.
Mizajou: Ou kapab aplike pou tout Èd Lajan Kach, SNAP, Renouvèlman Medicaid an menm tan atravè aplikasyon Èd Lajan Kach la sou ACCESS HRA.
- Si ou kalifye, w ap resevwa avantaj ou yo nan yon lespas 30 jou
- Fòk ou se yon sitwayen ameriken oswa sitiyasyon ou ak imigrasyon legal pou w resevwa SNAP; yon travay pral ede ou detèmine sitiyasyon ou lè ou aplike
- W ap bezwen bay prèv idantite ou, kote ou abite, ak revni ou
- Ou kapab kite yon moun ki konnen sitiyasyon kay ou aplike pou ou
- Aplike sou entènèt, fas-a-fas, pa faks, oswa pa lapòs
- W ap bezwen ale nan yon entèvyou apre ou soumèt aplikasyon ou a
- Moun ki resevwa SNAP nan Vil New York ki gen 16 zan oswa ki pi gran kalifye pou jwenn yon rabè nan abònman Citi Bike. Pou sèlman 5 dola pa mwa, w ap ka monte bekàn pou yon 45 minit mezi fwa ou vle epi jwenn aksè nan plizyè milye bekàn atravè Manhattan, Brooklyn, Queens ak Jersey City. Mete nimewo kat EBT ou pou verifye si ou kalifye.
Pwochen seksyon:
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Vizite sitwèb la
Vizite sitwèb SNAP la pou aprann plis sou pwogram sa a.
Imigran yo kapab pran yon randevou ak ActionNYC pou resevwa èd.
Rele 311
Mande pou Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè (SNAP).
Rele Liy Enfòmasyon SNAP la
Rele Liy Enfòmasyon SNAP la nan 718-557-1399 pou plis enfòmasyon.
Vizite yon Sant SNAP oswa Òganizasyon Kominotè
Chèche yon sant SNAP ki tou pre ou.
Chèche òganizasyon kominotè lokal ou.
2. Detèmine pou kisa ou kalifye
Pwogram sa a gade plizyè bagay avan yo deside si ou kalifye. Bagay tankou:
- konbyen lajan w ap fè
- konbyen lajan ou resevwa nan asistans
- konbyen moun k ap viv lakay ou
- sitwayènte ou ak sitiyasyon ou ak imigrasyon
Ak kèk kesyon, nou kapab ede ou konnen si ou kapab kalifye.
Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.
Èske mwen kalifye?Pwochen seksyon:
3. Sa ou bezwen mete
Li enpòtan pou ou mete bon dokiman yo lè w ap aplike. Dokiman yo montre si pwogram yo apwopriye pou ou ou pa.
Paj sa a kapab ede ou chwazi dokiman ki apwopriye pou aplikasyon ou a.
Prèv kiyès ou ye
Pou chak moun kap aplike, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Lisans chofè/Idantifikasyon Ofisyèl ak Foto
- Paspò
- Batistè
- Sètifika batèm/oswa lòt sètifika relijye
- Kat Sekirite Sosyal pou Depandan
- Kat Sekirite Sosyal oswa ITIN
- Dosye maryaj
- Kat Medicaid
- Sètifika natiralizasyon
- Dosye nesans ofisyèl
- Dosye Ofisyèl Lekòl
- Dosye Adopsyon
- Lòt dosye ofisyèl ki montre dat nesans
Prèv kote w rete
Pou tout moun ki nan kay la, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Bòdwo Sèvis Piblik (gaz, kouran, dlo)
- Fotokopi papye tè ki pi resan an
- lèt yon ajans gouvènman ekri ki gen non ak adrès la sou li (li pa kapab genyen yon Bwat Postal sou li)
- Lèt/kontra fèm/resi lwaye ki resan e ki gen adrès lakay ou sou li e ke pwopriyetè kay la ba w. Si pa gen yon bay kowoperativ ki disponib, se pou w soumèt yon kopi sètifika aksyon w lan, (devan ak dèyè), ki montre non tout pwopriyetè yo.
- Kontra fèm ke toude pwopriyetè kay la avèk lokatè a siyen
- Anvlòp, kat postal, oswa etikèt magazin ki gen so lapòs la sou li avèk non epi dat la (ou pa kapab itilize l si se nan yon Bwat Postal yo voye l)
- Dosye taks sou pwopriyete oswa etadkont ipotekè
- Apatman ki sou lwaye kontwole – dokiman sou ogmantasyon lwaye
- Lòd DHCR pase (amenajman majè nan imobilye, lòd rediksyon lwaye, difikilte finansye)
- Deklarasyon ke pwopriyetè kay la, ki pa yon fanmi, fè
- Demann alekri pwopriyetè kay la fè pou ogmantasyon lwaye
Prèv sou Revni Tout Moun nan Kay la touche
Pou chak sous revni pou chak moun ki touche revni, nenpòt nan dokiman sa yo:
Lajan w touche ak Salè
- W2
- Lèt patwon w lan ekri sou papye a antèt konpayi an, ki siyen e ki gen dat la sou li
- Souch chèk pewòl (4 semenn konsekitif resan si salè a pa chanje. Si li chanje, se pou w bay 12 semenn souch chèk pewòl.)
Travay Endepandan
- Dosye revni ak depans
- Deklarasyon revni ki siyen e ki gen dat sou li ak tout tablo konplemantè yo (Orè yo)
Revni ki sot nan Lwaye oswa Lokasyon/Pansyon
- Chèk ki anile
- Gran-Liv/Liv Resi Lwaye
- Lèt moun k ap lwe chanm lan, pansyonè a, lokatè a ekri
Peman bay Militè
- Lèt benefis ki resan
- Souch chèk ki resan
Sipò pou Timoun/Pansyon Alimantè
- Souch chèk pou pansyon alimantè
- Souch chèk pou sipò pou timoun
- Lèt tribinal la ekri
- Lèt moun k ap bay sipò a ekri
Benefis Chomaj
- 1099-G
- Lèt/sètifika benefis
- Korespondans Depatman Travay nan Leta Nouyòk (NYS Dept. of Labor) voye NYS
Avantaj Sekirite Sosyal (SSI, Depandan, Andikap, Sivivan, Retrèt)
- Korespondans ki soti nan biwo Administrasyon Sekirite Sosyal (Social Security Administration)
- Lèt/sètifika benefis ki resan
- Chèk benefis ki resan
Dedomajman pou Travayè
- Lèt benefis ki resan
- Souch chèk ki resan
Benefis pou Veteran
- Korespondans ki soti nan biwo Administrasyon Veteran (Veterans Administration)
- Lèt benefis ki resan
- Souch chèk benefis ki resan
Pansyon/ Vèsman Anyèl/ Kont Pèsonèl pou Retrèt (IRA)
- Etadkont pou pansyon/vèsman anyèl
Enterè/Dividann/Redevans
- 1099-DIV
- 1099-INT
- Lèt ajan an ekri
- Etadkont labank, kredi inyon oswa yon enstitisyon finansyè
Sipò ou resevwa nan men lòt Moun nan Fanmi w
- Fotokopi chèk yon moun nan fanmi w ekri e ki touche
- Deklarasyon oswa lèt yon moun k ap souni w sipò te ekri ak siyen
Prèv Depans
Pou chak depans, nenpòt nan dokiman sa yo:
Depans pou Swen Timoun/Depandan
- Chèk yo touche oswa resi yo
- Lòd tribinal
- Deklarasyon oksilyè oswa asistan fè
- Deklarasyoon alekri de sant gadri a oswa lòt moun ki bay timoun/granmoun swen
Pou Depans Nan Mezon Abri
- Resi lwaye ki resan
- Kontra fèm ki resan
- Dosye ipotèk
- Verifikasyon montan lwaye a
- Dosye taks sou pwopriyete
- Bòdwo pou antretyen dlo sal ak bòdwo pou dlo
- Bòdwo pou gaz
- Dosye sou taks lekòl
- Bòdwo pou sèvis piblik
- Bòdwo pou antretyen dlo sal ak bòdwo pou dlo
- Bòdwo telefòn
Prèv Kondisyon Sitwayènte oswa Imigrasyon
Pou chak moun kap aplike, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Batistè ki montre sitwayènte ameriken
- Kat Otorizasyon Travay (Employment Authorization Card: I-688B oswa I-766)
- Lèt USCIS I-210
- Fòmilè USCIS I-181
- Fòmilè USCIS I-220B
- Fòm DHS I-551 (Kat Imigran(Grin Kat)) Fè fotokopi toulede bò yo paske dèfwa dat lè moun lan rantre nan peyi a konn make sou do kat la.
- Fòmilè USCIS I-94
- Lèt biwo Imigrasyon ak Sitwayènte nan Etazini (U.S. Citizenship and Immigration: CIS) (yo te konn rele l INS) ekri ki montre kondisyon ak dat moun lan rante nan peyi Etazini, si li nesesè.
- Sètifika natiralizasyon
- Dosye Ofisyèl yon lopital Ozetazini bay/dosye doktè bay
- Lòt dokimantasyon USCIS, oswa korespondans ke w voye nan USCIS oswa ke USCIS voye ba w, ki montre ke imigran an se yon PRUCOL; ki vle di ke imigran an ap viv nan peyi Etazini avèk konesans e pèmisyon oswa otorizasyon USCIS, e ke USCIS pa gen lentansyon ranfòse depa imigran an Dèzetazini.
- Sètifika batèm ameriken
- Paspò ameriken
Prèv Resous
Pou chak resous pou chak moun ki gen resous la, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Liv labank
- Etadkont labank
- Fotokopi aksyon, bon, tit plasman
- Dosye kredi inyon
- Tit pwopwiyete oswa Evalyasyon imobilye
- Otomobil—Estimasyon konsesyonè a fè, valè “liv ble” a
- Fon Depo
Prèv andikap ou
Pou chak moun ki gen yon andikap, nenpòt nan youn nan dokiman sa yo:
- Prèv sou Revni Sekirite Sosyal pou Moun ki Enfim (Social Security Disability) oswa Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income: SSI)
- Deklarasyon yon pwofesyonèl medikal fè
Prèv Prezans nan Lekòl
Pou chak etidyan, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Dosye lekòl
- Deklarasyon lekòl la fè
Prèv Asirans Sante
Pou chak kalite asirans pou chak moun ki gen asirans sante, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Kat asirans
Prèv Bòdwo Medikal
Pou chak bòdwo, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Fotokopi chak bòdwo, ak prèv peman si yon bòdwo peye
Enfòmayson sou Paran Ki Pa Gen Gad Legal
Pou chak depandan, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Benefis sivivan
- Dosye sou Asistans Veteran oswa dosye militè
Pwochen seksyon:
4. Kijan pou ou aplike
Men opsyon ou yo:
Aplike sou entènèt
Ou kapab aplike pou tout Èd Lajan Kach, SNAP, Renouvèlman Medicaid an menm tan atravè aplikasyon Èd Lajan Kach la sou ACCESS HRA.
- Ale sou ACCESS HRA.
- Kreye yon kont ACCESS HRA oswa konekte sou youn ou deja genyen.
- Ranpli aplikasyon SNAP la epi soumèt li.
- Voye dokiman ou yo bay HRA nan youn nan fason sa yo.
- Eskane dokiman ou yo ak aplikasyon Telechajman Dokiman NYC HRA a ki disponib gratis nan Boutik iTunes nan (pou iPhone) oswa nan Boutik GooglePlay la (pou telefòn Android).
- Voye kopi dokiman ou yo pa lapòs: PO Box 29008, Brooklyn, NY, 11202-9816.
- Pote dokiman ou yo nan Òganizasyon Kominotè (CBO) lokal ou yo pou soumèt yo bay HRA.
- Apre ou fin soumèt aplikasyon ou a, y ap kontakte ou pou fè yon entèvyou pou wè si ou kalifye. Ou kapab fè entèvyou ou a pa telefòn san ou pa bezwen vini nan yon sant SNAP.
- Pou verifye estati aplikasyon ou a, ale sou ACCESS HRA.
- W ap bezwen re-sètifye pou SNAP yon fwa chak ane. Biwo SNAP la ap voye yon pake re-sètifikasyon ba ou pou w ranpli epi retounen li bay HRA pa lapòs oswa re-sètifye sou entènèt sou ACCESS HRA. Apre ou fin soumèt re-sètifikaskyon ou, w ap kapab rele liy telefòn Entèvyou Sou Demand la nan 718-SNAP-Now (718-762-7669) pou chwazi date ak lè ou vle fè entèvyou a.
Aplike pa lapòs
- Enprime yon aplikasyon sou papye, al pran youn nan yon Sant SNAP, oswa rele Liy Enfòmasyon HRA a nan 718-557-1399 pou yo voye yon aplikasyon papye ba ou pa lapòs.
- Voye aplikasyon an ak kopi dokiman ou yo pa lapòs bay:
Division of SNAP Services, Mail Application & Referral Unit (MARU),
P.O.Box 24510
Brooklyn, NY, 11201
Aplike pa telefòn
Ou kapab faks aplikasyon ou fin ranpli a bay 917-639-1111 tou.
Aplike fas a fas
- Enprime yon aplikasyon sou papye, al pran youn nan yon Sant SNAP, oswa rele Liy Enfòmasyon HRA a nan 718-557-1399 pou yo voye yon aplikasyon papye ba ou pa lapòs.
- Sanble dokiman w ap bezwen mete ak aplikasyon ou a.
- Depoze aplikasyon ou fin ranpli a nan yon Sant SNAP ki tou pre ou. Ou kapab fè kopi dokiman ou a nan sant la.
- Ou kapab aplike pou SNAP nan yon òganizayson kominotè (CBO) nan katye ou a tou. Ekspè yo kapab ede ou soumèt aplikasyon ou, ak dokiman ki nesesè yo.
Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.
Depi ou bay adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou, sa vle di ou dakò pou minisipalite Vil New York la kontakte ou konsènan rezilta evalyasyon pou asistans piblik ACCESS NYC a. Aktivite ou nan ACCESS NYC ap rete anonim, men si ou bay nimewo ou sa kapab idantifye ou ak devwale ou te itilize sitwèb la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan Minisipalite a kapab itilize enfòmasyon ou pataje ak ACCESS NYC, vizite Terms of Use for NYC.gov ak Privacy Policy for NYC.gov.
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Vizite sitwèb la
Vizite sitwèb SNAP la pou aprann plis sou pwogram sa a.
Imigran yo kapab pran yon randevou ak ActionNYC pou resevwa èd.
Rele 311
Mande pou Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè (SNAP).
Rele Liy Enfòmasyon SNAP la
Rele Liy Enfòmasyon SNAP la nan 718-557-1399 pou plis enfòmasyon.
Vizite yon Sant SNAP oswa Òganizasyon Kominotè
Chèche yon sant SNAP ki tou pre ou.
Chèche òganizasyon kominotè lokal ou.