Sote kontni prensipal la

Èd jiridik gratis epi san danje pou imigran yo

Sant Sipò Legal pou Imigrasyon MOIA | Biwo Majistra Vil New York pou Afè Imigran (NYC Mayor's Office of Immigrant Affairs, MOIA)

Ki jan sa fonksyone

Biwo Zafè Imigran Majistra a (Mayor’s Office of Immigrant Affairs, MOIA) gen plis pase 20 Sant Sipò Legal pou Imigrasyon ki ofri asistans pou tout imigran, kèlkeswa estati dokiman yo.

  • Jwenn depistaj legal gratis pou konnen ki benefis imigrasyon ou ka kalifye pou yo
  • Avoka nan òganizasyon kominotè ki gen konfyans, lopital, ak lekòl ka ede ak
    • Sitwayènte
    • Aplikasyon ak renouvèlman kat vèt (green card)
    • Aksyon Difere pou Rive Timoun (Deferred Action for Childhood Arrivals, DACA)
    • Estati Tanporè Pwoteje (TPS) e plis!
  • Jwenn edikasyon, sante, legal, ak sèvis sipò fanmi pou fanmi ki fèk rive nan Gid Resous ak Referans nou an
  • Enfòmasyon w rete prive ak òganizasyon k ap ede w la epi yo pa pataje l ak pèsonn lòt
  • Nou ofri sèvis nan lang ou

Kondisyon kalifikasyon

Si revni kay la chak ane depase 200% Nivo Povrete Federal la (Federal Poverty Level, FPL), ou ka pa elijib pou resevwa sèvis nan men sèten founisè sèvis legal vil la finanse.

Kantite moun k ap viv nan kay la Revni kay la chak mwa (200% FPL, 2026)
1 $2,660
2 $3,607
3 $4,553
4 $5,500
5 $6,447
6 $7,393
7 $8,340
8 $9,287
Chak moun anplis +$947

 


Fason pou aplike

Aplike pa telefòn

Rele Liy Dirèk Sipò Legal pou Imigrasyon MOIA: 1-800-354-0365

Jwenn repons pou imigrasyon sou kesyon règleman ak enfòmasyon sou kijan ak kote pou jwenn èd legal pou imigrasyon ki gratis, an sekirite, epi vil la finanse

Èdtan jiska 20 jen 2026:

  • Lendi: 9 a.m. rive 8 p.m.
  • Madi: 9 a.m. rive 6 p.m.
  • Mèkredi: 9 a.m. rive 8 p.m.
  • Jedi: 9 a.m. rive 6 p.m.
  • Vandredi: 9 a.m. rive 6 p.m.
  • Dènye samdi chak mwa: 9 a.m. rive 5 p.m.

Jwenn èd

Ale sou sit entènèt la

Vizite sitwèb Biwo Majistra a pou Afè Imigran yo nan Vil New York (New York City, NYC) pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon

Rele 311

Mande pou « sipò legal pou imigrasyon »


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated May 12, 2026

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.