Pwogram Jounen ak Ane Pwolonje (EDY) pou Tibebe/Timoun piti
Pou pwogram EDY, timoun yo dwe gen papye imigrasyon legal. Timoun yo elijib pou swen kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon legal paran yo.
Ou dwe gen pou piti youn nan “rezon pou swen” sa yo ki apwouve:
- Ou travay pandan 10 èdtan oswa plis pa semèn
- Ou nan yon pwogram edikasyon oswa yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl.
- Ou kòmanse chèche yon travay oswa ou ap chèche yon travay depi 6 mwa omaksimòm. Sa gen ladan li chèche yon travay pandan ou ap resevwa avantaj pou chomaj
- W ap viv nan yon lojman tanporè
- W ap swiv sèvis pou vyolans domestik.
- Ou sou tretman pou toksikomani (abi sibstans)
- Ou kapab kalifye si revni moun nan kay la egal oubyen pi piti pase montan sa yo:
Pwogram Early Head Start
Estati imigrasyon legal se pa yon kondisyon pou timoun oswa paran nan pwogram Early Head Start.
Pi bon fason pou w konnen si fanmi ou kalifye pou Early Head Start se kontakte yon pwogram dirèkteman. Fanmi ou kapab kalifye pou Early Head Start si omwen youn nan kategori sa yo aplikab pou ou:
- W ap viv nan yon lojman tanporè
- Ou resevwa Èd Finansyè (Cash Assistance) nan Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration (HRA))
- Ou resevwa Asirans Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Insurance, SSI)
- Ou resevwa avantaj SNAP
- Ou enskri yon timoun ki nan fanmi akèy
- Ou kapab kalifye tou si revni moun nan kay la egal oubyen pi piti pase kantite sa yo: