Sote kontni prensipal la

Konje peye pou randevou swen sante ki gen rapò ak gwosès

Konje Prenatal Peye nan Eta New York | Depatman Travay Eta New York (NYS Department of Labor, NYSDOL)

Kijan li mache

Dapre lalwa nan Eta Nouyòk, ou gen dwa pran jiska 20 èdtan konje prenatal peye chak ane pou randevou doktè ki gen rapò ak gwosès ou.

  • Di patwon ou si ou gen plan pou pran Konje Prenatal Peye, menm jan ou ta fè pou lòt kalite konje. Anplwayè ou dwe kite ou pran Konje Prénatal Peye lè ou mande li.
  • Ou ka itilize Konje Prenatal Peye a pou randevou tankou egzamen fizik, pwosedi medikal, siveyans ak tès.
  • Lè w pran Konje Prenatal Peye, patwon w lan dwe peye w to nòmal ou. Si ou touche salè minimòm nan, patwon ou dwe peye salè minimòm konplè a.
  • Patwon ou pa ka mande enfòmasyon sou dosye sante ou oswa ki kalite randevou ou genyen lè w ap itilize Konje Prenatal Peye ou. Ou pa oblije soumèt okenn dosye medikal nonplis.

 


Detèmine pou kisa ou kalifye

Gade si ou kalifye pou Konje Prenatal Peye:

Anplwaye ki kalifye yo
  • Anplwaye aplentan ak a tan pasyèl nan sektè prive a
  • Anplwaye òganizasyon ki pa la pou fè pwofi
Pa Kalifye
  • Anplwaye gouvènman federal, leta, oswa lokal yo

 


Plis enfòmasyon

Gade plis

enfòmasyon sou konje prenatal

soti nan NYSDOL.

Si patwon ou pa ba ou konje prénatal, pa peye ou lè ou pran konje a, oswa pini ou paske ou mande oswa itilize li:

 


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated May 14, 2025

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.