Sote kontni prensipal la

Edikasyon preskolè pou timoun ki gen twa (3) lane

3-K | Lekòl Piblik Vil New York

Aplike pou pwogram 3-K

Ki jan sa fonksyone

3-K ofri edikasyon bonè gratis, pou tout jounen, pou timoun ki gen 3 an.

Aplike soti 14 janvye 2026 rive 27 fevriye 2026 pou ane lekòl 2026-2027 la.

Kilè pitit mwen ka kòmanse? Timoun yo ka aplike pou 3-K nan ane kalandriye yo gen 3 an.

Kijan mwen ka jwenn pwogram yo? Sèvi ak MySchools pou chèche epi aprann sou opsyon 3-K yo. Pitit ou jwenn priyorite pou pwogram ki nan distri kote ou rete a.

Ki kalite plas ki disponib? Pwogram yo ofri plas Tout Jounen, Jounen Pwolonje ak Ane Pwolonje, ak Head Start.

Ki kote pwogram yo ye? Pwogram 3-K yo disponib atravè tout senk awondisman yo. Anviwònman yo gen ladan lekòl piblik, sant Depatman Edikasyon Vil New York (New York City Department of Education, NYCDOE) dirije, ak òganizasyon ki baze nan kominote a. Tout pwogram yo sèvi ak menm kourikoulòm DOE kalite siperyè a, ki baze sou jwèt.


Kondisyon kalifikasyon

Tout fanmi New York City ki gen timoun ki fèt an 2023 ka aplike pou ane lekòl kap vini an. Sa gen ladan timoun ki gen andikap oswa nouvo moun k ap aprann angle.

Timoun yo pa oblije konn itilize vaz oswa twalèt pou yo patisipe nan pwogram 3-K a.


Dokiman obligatwa

Gade lis verifikasyon pou preyenskripsyon an pou aprann plis bagay sou dokiman w ap bezwen pou fè preyenskripsyon pitit ou epi pou aksepte òf preskolè a.


Fason pou aplike

Aplike sou entènèt

Aplike sou MySchools soti 14 janvye 2026 rive 27 fevriye 2026. Ou ka aplike an angle, arab, bengali/bangla, chinwa, kreyòl ayisyen, franse, koreyen, ris, panyòl, oswa ourdou.

Apre ou fin aplike, ou kapab fè chanjman nan aplikasyon ou an anvan dat limit lan.

Aplike pou pwogram 3-K

Aplike pa telefòn

Rele 718-935-2009 pou aplike ant 14 janvye 2026 rive 27 fevriye 2026. Sèvis entèpretasyon disponib nan plis pase 200 lang.


Jwenn èd

Ale sou sit entènèt la

Vizite sit entènèt pwogram 3-K a pou ka jwenn plis enfòmasyon.

Voye imèl bay admisyon pou 3-K

Voye imèl bay admisyon pou 3-K nan [email protected] si w gen kesyon.

Rele 311

Mande enfòmasyon sou “3-K”

Rele 3-K

Rele nan 718-935-2009 si w gen kesyon konsènan 3-K

Vizite yon Sant Akèy Familyal

Vizite yon Sant Akèy Familyal pou w aprann plis sou pwogram 3-K yo.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated January 30, 2026

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.