Sote kontni prensipal la
Edikasyon

Edikasyon preskolè pou timoun ki gen twa (3) lane

3-K | NYC Depatman Edikasyon (NYC Department of Education, DOE)

1. Kijan li mache

Pwogram 3-K bay yon edikasyon gratis, tout jounen epi bon kalite pou timoun ki gen 3 zan nan vil New York.

  • Aplike pou pwogram 3-K pou ant 10 Janvye pou rive 1ye Mas 2024 ane lekòl 2024-2025 la.
  • Nan Vil New York, ou kapab aplike nan pwogram 3-K pandan ane sivil la lè pitit ou genyen twa (3) lane.
  • pwogram 3-K yo disponib nan tout Vil New York la.
    • Itilize MySchools pou chèche pou opsyon ak aprann sou 3-K.
    • Pitit ou a gen priyorite pou l patisipe nan pwogram 3-K a nan distri w ap viv la.
  • Timoun yo ka enskri nan plas pou Tout Jounen, Jounen Pwolonje, ak Ane ak Head Start. Aprann plis.
  • Pwogram 3-K yo disponib nan tout senk awondisman yo nan diferan kontèks. Chak etablisman ofri yon pwogram regilye, kalite siperyè ki baze sou jwèt.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Tout fanmi NYC ki gen timoun ki te fèt nan ane 2021 kapab enskri pandan ane lekòl 2024-2025 la. Sa gen ladan ltimoun andikape yo oswa k ap aprann Anglè yo.

Timoun yo pa oblije konn itilize vaz oswa twalèt pou yo patisipe nan pwogram 3-K a.

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

Aplike sou MySchools anvan 1 Mas 2024. Ou kapab aplike ann Anglè, Arab, Bengali/Bangla, Chinwa, Kreyòl Ayisyen, Fransè, Koreyen, Ris, Espanyòl oswa Oudou.

Apre ou fin aplike, ou kapab fè chanjman nan aplikasyon ou an anvan dat limit lan.

Aplike pou pwogram 3-K

Aplike pa telefòn

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Vizite sit entènèt pwogram 3-K a pou ka jwenn plis enfòmasyon.

Voye imèl bay admisyon pou 3-K

Voye yon imèl bay admisyon 3-K nan [email protected] si ou gen kesyon sou pwogram 3-K a.

Rele 311

Mande enfòmasyon sou “3-K”

Rele 3-K

Rele nan 718-935-2009 si w gen kesyon konsènan 3-K

Vizite yon Sant Akèy Familyal

Vizite yon Sant Akèy Familyal pou w aprann plis sou pwogram 3-K yo.

Last Updated January 25, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.