Fanmi ou ka kalifye pou Head Start oswa Early Head Start si youn nan bagay sa yo aplike pou ou:
- W ap viv nan yon lojman tanporè
- Ou resevwa kounye a asistans lajan kach, Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP) (koupon manje), oswa Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income, SSI)
- Ou enskri yon timoun ki nan fanmi akèy
- Revni kay ou egal oswa pi ba pase nivo sa yo:
Ou ka toujou kalifye menm si revni ou depase limit la. Si ou depanse plis pase 30 pousan nan revni ou pou depans lojman, Head Start ak Early Head Start ka retire depans sa yo lè yo ap kalkile revni ou. Ou pral bezwen bay dokiman ki montre depans lojman ou.