Sote kontni prensipal la
Lojman

Asirans kont Inondasyon

Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon (NFIP) | Ajans Jesyon Ijans Federal (Federal Emergency Management Agency, FEMA)

1. Kijan li mache

Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon (National Flood Insurance Program, NFIP) pwoteje lakay ou ak byen ou yo lè gen yon inondasyon. Asirans tradisyonèl pou pwopriyetè ak lokatè kay yo pa kouvri domaj inondasyon fè. Yon asirans federal se sèl mwayen pou rasire w kay ou an gen asirans.

  • Kote lapli ka tonbe kapab gen inondasyon. Menm lè w pa gen kay sou kot, yon aisrans kont inondasyon disponib.
  • Asirans yo disponib pou tout rezidan Vil New York, tankou lokatè ak pwopriyetè biznis yo.
  • Gouvènman federal lan ap egzije ou gen asirans kont inondasyon si:
    • w ap viv nan yon zòn ki konn gen inondasyon epi w gen yon prè ipotekè se gouvènman fedral lan ki te finanse li; oswa
    • gouvènman federal lan te ede ou nan yon sitiyasyon inondasyon te fè ravaj
  • Asirans kont inondasyon kouvri pèt se inondasyon ki lakòz yo menm. Gen kontra asirans pou kouvri bilding ou an ak/oswa byen w yo.
  • Menm si se yon pwogram federal li ye, ou kapab achte yon asirans kont inondasyon nan men yon konpayi asirans prive.
    • NFIP fikse to estanda asirans kont inondasyon selon pwopriyete ou genyen an.
    • Kèlkeswa ajan asirans lan, li dwe ba ou menm devi a pou menm asirans lan. Ou pa bezwen mache pou w fè konparezon pri.
  • FEMA detèmine konbyen lajan pou w peye pou asirans kont inondasyon an selon plizyè faktè, tankou zòn kote kay la ye a.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Tout moun ki abite nan Vile New York kapab achte asirans kont inondasyon.

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Pou jwenn plis enfòmasyon anliy

Vizite floodhelpny.org pou jwenn plis enfòmasyon sou asirans kont inondasyon.

Ou kapab jwenn plis enfòmasyon tou sou floodsmart.gov, ki se sitwèb ofisyèl NFIP.

Last Updated May 13, 2022

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.