Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Konsèy Finansye ak seyans Fòmasyon Gratis

NYC Sant Devlopman Finansye | NYC Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (NYC Department of Consumer and Worker Protection, DCWP)

1. Kijan li mache

Sant Devlopman Finansye Vil New York bay konsèy finansye pwofesyonèl gratis, epi endividyèl ansanm ak seyans Fòmasyon pou ede ou reyalize objektif ou yo.

  • Konseye finansye ou an kolabore ak ou pou:
    • Jere lajan ou
    • Tcheke kredi ou
    • Etabli yon plan depans
    • Louvri yon kont bankè ki fyab epi ki chaje avantaj
    • Kontakte kreyansye konsènan dèt ou genyen, tankou prè etidyan
    • Devlope yon estrateji pou diminye dèt ou yo oswa diminye peman ou yo
    • Rantre nan resous gouvènman yo nan ka ijans
  • Nan premye seyans ou an, ou pral elabore yon lis mezi pou pran k ap ede w reyalize objektif finansye ou yo.
    • Konseye ou an pral poze ou kesyon sou eta finansye ou epi mande pou yo gade tout dokiman finansye yo.
    • Ou kapab asiste a kantite seyans swivi ou vle ansanm ak konseye ou an.
  • Ou kapab rankontre akyon konseye an pèsòn oswa nan telefòn.
    • Ou kapab chwazi lang matènèl ou pou sèvis yo.
  • Sèvis yo san danje epi konfidansyèl. Ou dwe gen omwen 18 lane epi viv oswa travay nan Vil New York. Sitityasyon imigrasyon oswa revni ou pa yon pwoblèm.
  • Sant Devlopman Finansye pa bay ni prè oswa sibvansyon.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Ou elijib pou resevwa konsèy finansye gratis si ou:

  • Viv oswa travay nan Vil New York; epi
  • Genyen omwen 18 lane

Sitityasyon imigrasyon oswa revni ou pa yon pwoblèm.

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Konseye finansye ou an kapab pi byen ede ou si yo gen plis enfòmasyon sou finans ou. Men si w pa gen dokiman ou yo ak ou pa gen pwoblèm tou!

Dokiman finansye ou kapab montre konseye ou an gen ladan li:

  • Bòdwo oswa deklarasyon bankè
  • Kopi rapò kredi ou yo
  • Avi Rekouvreman
  • Kopi deklarasyon taks ou
  • Souch chèk peman;
  • Papye tribinal
  • Bòdwo prè elèv oswa enfòmasyon sou prè, ou kapab jwenn yo sou studentaid.gov

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike pa telefòn

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Pou jwenn plis enfòmasyon anliy

Ale sou paj wèb DCWP konsènan Sant Devlopman Finansye oswa li Kesyon Moun Poze Souvan FAQ.

Rele 311

Di “konsèy finansye”

Rele nan Liy Dirèk Sant Devlopman Finasye

212-487-4583

Last Updated June 15, 2022

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.