Sote kontni prensipal la

Plan asirans sante prive

Plan Sante Ki Kalifye (QHP) | NY State of Health

Enskri anliy

Ki jan sa fonksyone

Enskripsyon pou Plan Sante Kalifye (QHP) 2026 yo ouvè kounye a jiska 31 janvye 2026 atravè NY State of Health.

Plan Sante Kalifye yo se asirans sante prive ki disponib atravè platfòm NY State of Health. W ap peye yon frè chak mwa ak kèk lòt depans — kowopay, dediktib, ak koasirans — selon plan ou an.

Tout plan yo kouvri :

  •  Swivi prevantif san depans siplemantè (tankou vizit regilye lakay doktè ak tès depistaj).
  •  Kondisyon ki egziste deja san depans siplemantè.
  • Benefis sante esansyèl yo.

Kijan pou jwenn swen sante abòdab :

  • Enskri anvan 15 desanm 2025 pou kouvèti kòmanse 1 janvye 2026.
  • Si ou deja gen yon plan, ou ka renouvle oswa chanje li kòmanse 16 novanm 2025.
  • Si ou gen revni limite oswa timoun, ou ka kalifye pou plan asirans sante piblik gratis oswa kout pri tankou Medicaid, Child Health Plus, ak Essential Plan enskri nenpòt moman pandan ane a.
  • Epitou, ou kapab achte asirans prive dirèkteman nan men yon konpayi asirans men ou pa p elijib pou yon èd finanyè.

Kondisyon kalifikasyon

Ou ka enskri nan yon Plan Sante Kalifye si ou :

  • Ap viv nan Eta New York
  • Se yon sitwayen Ameriken oswa w ap viv legalman Ozetazini.
  • Ou pa kalifye pou Medicaid, Essential Plan, oswa Child Health Plus.

Fason pou aplike

Aplike pa lapòs

Aplike nan Medicaid atravè lapòs si ou se youn nan moun sa yo:

  • ou gen 65 lane oswa plis
  • ou se yon avèg ki sètifye
  • ou se yon moun yo sètifye ki gen andikap
  • ou se yon moun ki nan yon enstitisyon epi ki aplike pou pwoteksyon swen nan mezon retrèt.

Ranpli aplikasyon an ak fòm Sipleman A a. Voye demann ou an pa lapòs nan:
MAP Initial Eligibility Unit

PO Box 24390,
Brooklyn, NY 11202


Jwenn èd

Aprann plis sou opsyon asirans sante yo

Aprann plis sou opsyon ou yo atravè Biwo HRA pou Aksè Asirans Sante Vil la (HRA’s Office of Citywide Health Insurance Access) .

Mande èd pou ou enskri

GetCoveredNYC ede Rezidan New York yo enskri nan asirans sante. Gen espesyalis devwe ki kapab ede ou nan lang ou an gratis.

Mande pou yon konseye rele ou

Ranpli yon Fòm Demann Èd pou Enskri nan Asirans Sante yon fason pou yon konseye nan kesyon enskripsyon rele ou. Gen èd gratis pou enskripsyon ki disponib kèlkeswa estati imigrasyon ou epi li nan plizyè lang. Yo ap kenbe enfòmasyon ou yo konfidansyèl.

Rele 311

Pou kesyon jeneral ou genyen sou asirans sante epi pou ou jwenn yon asistan fasafas.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated November 17, 2025

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.