Sote kontni prensipal la
Sante

Asirans sante gratis pou rezidan ki gen revni ki fèb

Medicaid | Depatman Sante Eta New York (NYS Department of Health, NYSDOH), NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

1. Kijan li mache

Medicaid bay asirans sante gratis pou granmoun ak timoun ki gen revni fèb. Li ka bay jiska 90 jou kouvèti retwoaktif tou pou bòdwo medikal ki poko peye si w mande kouvèti sa a lè w aplike epi w te elijib pandan 90 jou sa yo.

  • Medicaid kouvri
    • vizit doktè ak klinik, ak egzamen regilye
    • Vaksen
    • founiti ak ekipman medikal ki enpòtan
    • Tès laboratwa ak radyografi
    • Sante zye ak dan
    • Sèvis swen adomisil
    • Entène lopital ak ijans
    • Preskripsyon
  • Prèv nasyonalite ak estate imigrasyon w obligatwa. Sepandan, imigran san papye yo kalifye si yo gen 65 lane oswa plis.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Ou elijib pou Medicaid si :

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

W ap bezwen dokiman ki montre

  • Prèv idantite w
  • Sitwayènte ameriken ak/oswa estate imigrasyon
  • dat Nesans
  • revni

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

Pou granmoun ki poko gen 65 lane, fanm ansent, ak timoun, enskri sou entènèt nan NY State of Health.

Si w fè pati youn nan gwoup ki anba yo, aplike sou ACCESS HRA:

  • granmoun ki gen 65 lane oswa plis
  • k ap resevwa Medicare epi ki pa yon paran oswa moun k ap okipe yon timoun minè,
  • moun ki gen yon andikap epi/oswa ki avèg
  • moun ki se yon jèn adilt ki poko gen 26 lane, epi ki te nan fwaye dakèy anvan sa

Aplike pa lapòs

Aplike pa telefòn

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Jwenn èd pou w enskri.

GetCoveredNYC ede Rezidan New York yo enskri nan asirans sante. Gen espesyalis devwe ki kapab ede ou nan lang ou an gratis.

Last Updated February 20, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.