Sote kontni prensipal la

Jwenn mesaj tèks ki di gen nouvo debouche

Pwogram Mesaj Tèks pou Travay (Text 2 Work) | NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

Enskri pou w resevwa mesaj tèks

Kijan li mache

TXT-2-WORK voye mesaj tèks ba ou pou di w gen nouvo debouche. Anpil ladan yo peye salè ki depase salè minimòm lan epi ou kapab chwazi resevwa alèt nan domèn ou enterese travay ladan an.

  • TXT-2-WORK se youn nan sèvis gratis Business Link HRA a ofri. Epitou, Business Link mete moun ki ap chèche travay ki resevwa asistans HRA yo an kontak ak konpayi yo
  • Travay yo disponib nan toulè senk (5) minisipalite Vil New York yo.
  • Resevwa alèt travay nan domèn ou enterese travay yo tankou: swen sante adomisil, lavant an detay, sèvis kliyantèl/lavant, sèvis manje, elatriye.Gade tout lis la lan.
  • Si ou kalifye, yo ka rekòmande w yon debouche menm jou a.

Detèmine pou kisa ou kalifye

TXT-2-WORK disponib pou:

  • Rezidan Vil New York yo
  • Kliyan HRA ki benefisye asistans tankou lajan kach tanporè, SNAP oswa asistans pou lojman

Kijan pou ou aplike

Aplike pa telefòn

Voye “NYJOBS” oswa “NYCJOBS” nan mesaj tèks nan 91908


Plis enfòmasyon

Ale sou sit entènèt la

Ale sou sit entènèt Text2-work la pou w jwenn plis enfòmasyon.

Voye yon Imèl bay Business Link

Pou w poze kesyon, voye imèl nan [email protected] oswa [email protected].

Rele NYC Business Link

Rele Business Link nan 718-557-1399.

Jwenn èd fas-a-fas

Vizite NYC Business Link nan
123 William Street, 6èm etaj
New York, NY 10038
Lendi rive vandredi, 9è nan maten pou 5è nan apremidi


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated June 6, 2024

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.