Sote kontni prensipal la

Preskolè gratis pou timoun ki gen 4 tran.

Pre-K | Lekòl Piblik Vil New York

Aplike pou Pwogram Pre-K

Ki jan sa fonksyone

Pre-K bay pitit ou yon bon kòmansman solid atravè aprantisaj ki baze sou jwèt. Timoun yo devlope konpetans pou rezoud pwoblèm, poze kesyon, epi eksplore nan yon anviwònman ki an sekirite, ki bay swen ak sipò.

Aplike anvan 27 fevriye 2026 pou ane lekòl 2026-2027 la.

Kilè pitit mwen ka kòmanse? Timoun yo ka kòmanse pre-K nan ane kalandriye yo gen 4 an. Ane sa a, tout timoun ki fèt an 2022 kalifye.

Ki kalite plas ki disponib? Pwogram yo ofri plas Tout Jounen, Jounen Pwolonje ak Ane Pwolonje, ak Head Start. Chak kalite gen egzijans kalifikasyon diferan.

Ki kote pwogram yo ye? Pwogram pre-K yo disponib atravè tout senk awondisman yo nan twa anviwònman:

  • Kèk lekòl piblik elemantè seleksyone
  • Sant preskolè anplwaye NYCDOE ap dirije yo,
  • Òganizasyon ki baze nan kominote a (Community-based organizations, CBOs)

Tout anviwònman yo bay menm kourikoulòm DOE kalite siperyè a, ki baze sou jwèt.


Kondisyon kalifikasyon

Tout timoun NYC ki fèt an 2022 ka enskri pou ane lekòl kap vini an. Sa gen ladan timoun ki gen andikap ak nouvo moun k ap aprann angle.

Timoun yo pa oblije konn itilize vaz oswa twalèt pou yo patisipe nan pwogram pre-K a.


Dokiman obligatwa

Gade lis verifikasyon pou preyenskripsyon an pou aprann plis bagay sou dokiman w ap bezwen pou fè preyenskripsyon pitit ou epi pou aksepte òf preskolè a.


Fason pou aplike

Aplike sou entènèt

Aplike sou MySchools soti 14 janvye 2026 rive 27 fevriye 2026. Ou ka aplike an angle, arab, bengali/bangla, chinwa, kreyòl ayisyen, franse, koreyen, ris, panyòl, oswa ourdou.

Ou kapab jwenn pwogram preskolè mwatye jounnen sou MySchools.

Aplike pou Pwogram Pre-K

Aplike pa telefòn

Rele 718-935-2009 pou aplike soti 14 janvye 2026 rive 27 fevriye 2026.


Jwenn èd

Ale sou sit entènèt la

Vizite sit enènèt Depatman Edikasyon an nan NYC pou aprann plis bagay sou pwosesis admisyon Preskolè a.

Voye imèl bay admisyon pou Pre-K

Voye imèl bay [email protected] si w gen kesyon sou pwogram Pre-K a.

Rele 311

Mande pou Pre-K For All.

Rele admisyon Pre-K

Rele nan 718-935-2009 si w gen kesyon konsènan enskripsyon pre-K.

Vizite yon Sant Akèy Familyal

Ale nan yon Sant Akèy pou Fanmi pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwogram pre-K yo.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated January 30, 2026

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.