Sote kontni prensipal la
Edikasyon

Preskolè gratis pou timoun ki gen 4 tran.

Pre-K for All (Pre-K) | NYC Depatman Edikasyon (NYC Department of Education, DOE)

1. Kijan li mache

Pwogram Pre-K yo ede timoun yo pi byen kòmanse nan lekòl ak nan lavi a. Pitit ou kapab aprann kijan pou rezoud pwoblèm, poze kesyon epi eksplore monn ki toutotan nan yon kominote aprantisaj sekirize e kote gen bonjan motivasyon.

  • Aplike pou preskolè pou ane lekòl 2024-2025 anvan 10 Janvye pou 1ye Mas 2024.
  • Nan Vil New York, timoun yo kòmanse pre-K nan ane sivil yo genyen kat (4) lane a.
  • Pwogram Preskolè yo ofri plas pandan tout jounen, Jounen ak Ane Pwolonje ak nan Head Start, chak pwogram genyen pwòp kritè sou kalifikasyon yo. Aprann plis.
  • Pwogram 3-K yo disponib nan tout senk awondisman yo nan twa kad. Chak etablisman ofri yon pwogram regilye, kalite siperyè ki baze sou jwèt. Kad yo kapab:
    • seleksyone lekòl la primè piblik yo,
    • Sant preskolè anplwaye NYCDOE ap dirije yo, ak
    • òganizasyon Kominotè.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Tout fanmi NYC ki gen timoun ki te fèt nan ane 2020 kapab enskri pandan ane lekòl 2024-2025 la. Sa gen ladan ltimoun andikape yo oswa k ap aprann Anglè yo.

Timoun yo pa oblije konn itilize vaz oswa twalèt pou yo patisipe nan pwogram pre-K a.

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

Aplike sou MySchools anvan 1ye Mas 2024. Ou kapab aplike ann Anglè, Arab, Bengali/Bangla, Chinwa, Kreyòl Ayisyen, Fransè, Koreyen, Ris, Espanyòl oswa Oudou.

Ou kapab jwenn pwogram preskolè mwatye jounnen sou MySchools.

Aplike pou Pwogram Pre-K

Aplike pa telefòn

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Vizite sit enènèt Depatman Edikasyon an nan NYC pou aprann plis bagay sou pwosesis admisyon Preskolè a.

Voye imèl bay admisyon pou Pre-K

Voye yon imèl bay [email protected] si ou gen kesyon sou pwogram Pre-K a.

Rele 311

Mande pou Pre-K For All.

Rele admisyon Pre-K

Rele nan 718-935-2009 si w gen kesyon konsènan enskripsyon pre-K.

Vizite yon Sant Akèy Familyal

Ale nan yon Sant Akèy pou Fanmi pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwogram pre-K yo.

Last Updated January 25, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.