Sote kontni prensipal la

Konsènan

ACCESS NYC se yon sitwèb ki byen adapte pou telefòn mobil pou Nouyòkè yo verifye kalifikasyon yo pou plis pase 40 benefis epi aprann kijan pou aplike.

Kisa ACCESS NYC ye?

ACCESS NYC se yon sitwèb pou Nouyòkè ki bezwen enfòmasyon sou benefis ak pwogram.

  • Tès KalifikasyonVerifye kalifikasyon posib pou plis pase 40 benefis nan 10 etap fasil. Voye rezilta kalifikasyon ou pa tèks oswa imel.
  • Gid Pwogram – Jwenn enfòmasyon sou plis pase 80 benefis ak sèvis vil la, eta a, ak federal. Detay yo gen ladan: kijan yon pwogram mache, kijan pou kalifye, ki dokiman yo bezwen, opsyon pou kijan pou aplike (sou entènèt, pa telefòn, pa lapòs, an pèsòn), ak kijan pou jwenn èd.

ACCESS NYC tradui pa moun epi li konfòm nèt ak Local Law 30 (Lwa Lokal 30), ki egzije pou dokiman ak sèvis ajans Vil la distribye bay piblik la disponib nan 11 lang (arab, bengali, chinwa (tradisyonèl), franse, kreyòl ayisyen, koreyen, polonè, ris, panyòl, òdò, irdou).

Kijan nou te kreye ACCESS NYC

ACCESS NYC te reamenaje pa Estidyo Konsepsyon Sèvis ak Ekip Pwodwi nan Biwo Majistra pou Opòtinite Ekonomik (Opòtinite NYC) apati ete 2016, atravè yon pwosesis pwototipaj iteratif ki te angaje rezidan yo, travayè sosyal yo, jesyonè ka yo, ak pèsonèl ajans gouvènman yo. Nouvo konsepsyon an ak eksperyans itilizatè prensipal la te kreye anndan òganizasyon an.

ACCESS NYC te relanse nan mwa Mas 2017 ak sipò patnè devlopman teknoloji nou an, Blue State Digital. Nou kontinye angaje Nouyòkè yo, founisè yo, ak ajans gouvènman yo nan amelyorasyon ak elajisman ACCESS NYC k ap kontinye.

Teknoloji ki fè ACCESS NYC mache

Platfòm Benefis Vil Nouyòk la

Nou sipòte òganizasyon ki fè li pi fasil pou rezidan Vil Nouyòk dekouvri epi konnen plizyè benefis yo ka kalifye pou yo, atravè resous ki ouvè, tankou:

Pri ak Rekonesans

Aprann plis sou ACCESS NYC

Aksesiblite

Vil Nouyòk angaje pou asire tout Nouyòkè ka jwenn aksè a tout kontni dijital nou an. Pou rive nan objektif sa a, nou te adopte Lwa Lokal 26 2016, ki egzije ajans Vil la fè sitwèb yo aksesib. Kontni dijital nou an konfòm an pati ak Directrices pou Aksesibilite Kontni sou Entènèt (WCAG) 2.2) estanda Nivo AA, avèk eksepsyon yo tabli nan 28 CFR § 35.201.

Koòdonatè Aksesibilite Dijital la, ki baze nan Biwo Majistra pou Moun ki gen Andikap, ede tou pou reyalize objektif sa yo. Koòdonatè a verifye sitwèb yo epi li gide ajans Vil Nouyòk yo sou kijan pou fè kontni dijital yo aksesib. Yo òganize fòmasyon ak evènman pou anplwaye Vil la ak piblik la pou yo aprann plis sou aksesibilite. Koòdonatè Aksesibilite Dijital la mennen tou efò pou ekri rapò yo Lwa Lokal 26 egzije.

Pou resous pou aprann sou aksesibilite epi amelyore li, ou ka:

Deklarasyon sa a te mete ajou dènye fwa nan 12/22/2025.

NYC Benefits Platform

We support organizations that make it easier for NYC residents to discover and be aware of multiple benefits they may be eligible for through open resources including:

We offer on-demand trainings for City agencies and community-based organizations and provide outreach materials via our Training & Support Page.

Last Updated January 5, 2026

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.