Sote kontni prensipal la
Sèvis Familyal

Sèvis planin familyal konfidansyèl

Pwogram Avantaj Planin Familyal (FPBP) | Depatman Sante Eta New York (NYS Department of Health, NYSDOH)

1. Kijan li mache

Pwogram sa a ede rezidan New York ki bezwen fè planin familyal, men ki ka pa gen mwayen pou yo fè li. Sèvis FPBP yo gen ladan planin (tankou grenn planin ak kapòt), planin annijans, ak konsèy sou planin familyal.

  • Lè ale nan yon klinik pou ede ou ak planin familyal, ou kapab mande pou kenbe seyans la prive.
  • Ou kapab aplike menm si ou pa gen asirans, asirans prive, oswa enskri nan Child Health Plus.
  • Ou pa bezwen bay resous finansyè (tankou etadkont labank) pou detèmine si ou kalifye.
  • Moun ki gen Medicaid yo pa kalifye.
  • Imigran ki pa gen papye ak moun ki gen viza pou yo ti tan epi ki p ap fè demach pou gen rezidans yo pa kalifye.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou w ka kalifye, ou sipoze kapab reponn wi pou kesyon sa yo:

  1. Èske w ap viv nan Eta New York?
  2. Èske ou se yon sitwayen ameriken, nasyonal, ameriken natif-natal, oswa ou se yon imigran ki legal?
  3. Èske ou gen asirans, apa Medicaid ( oswa ou pa gen asirans)?
    • Si ou gen Medicaid, ou deja gen planin familyal nan pwoteksyon asirans ou a.
  4. Èske revni ou egal ak egzijans revni pwogram lan oswa li mwens pase egzijans revni pwogram lan?
Gwosè Fanmi an Revni nan yon mwa
1 $2,526
2 $3,403
3 $4,280
4 $5,157
5 $6,035
6 $6,912
7 $7,789
8 $8,666
Pou chak moun an plis, ajoute: $878

 

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike fas a fas

  1. Chèche yon klinik planin familyal tou pre ou.
  2. Sanble tout dokiman ou yo epi pote yo nan sit pwogram nan.
  3. Fè evalyasyon fas-a-fas la epi soumèt plikasyon an. Ou kapab enprime aplikasyon an epi ranpli li avan ou ale, oswa ranpli li nan klinik la.

Chèche yon klinik

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Vizite sitwèb la

Vizite sitwèb FPBP a pou aprann plis sou pwogram sa a.

Imèl FPBP

Voye yon imèl nan Medicaid@health.state.ny.us si ou gen kesyon.

Rele 311

Mande pou Pwogram Avantaj Planin Familyal si ou bezwen èd pou jwenn yon pwogram.

Rele DHE

Rele 800-541-2831 pou plis enfòmasyon.

Last Updated Thursday, August 4th, 9:45am

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.