IDNYC se yon kat idantite gratis ak foto gouvènman bay pou nenpòt moun ki gen 10 an oswa plis k ap viv nan NYC. Li louvri pòt pou sèvis Vil la, pwogram lojman, rabè, ak plis ankò.
Pou kiyès IDNYC ye?
Nenpòt moun k ap viv nan NYC ki gen 10 an oswa plis kapab aplike, kèlkeswa estati imigrasyon, dosye kriminèl, oswa sitiyasyon san kay.
Pou kisa IDNYC sèvi?
Sèvi ak yon kat IDNYC pou
- Aplike pou SNAP, Asistans Lajan Kach, Seksyon 8, ak lòt benefis
- Jwenn asirans sante atravè NYS Health Insurance Marketplace
- Kalifye pou lojman abòdab atravè NYC Housing Connect.
- Prete liv nan bibliyotèk piblik
- Antre nan bilding piblik tankou lekòl ak etablisman NYC Health + Hospital
- Louvri yon kont nan kèk bank
- Pran egzamen ekivalans lekòl segondè nan vil New York.
- Aksede dosye vaksen fanmi ou
- Pwouve idantite ou pou travay oswa ak NYPD
- Jwenn manm gratis ak rabè pou mize ak teyat NYC
- Aksede rabè sou manje, fè makèt, kondisyon fizik, transpò, amizman, ak plis ankò
Ou bezwen ranplase kat IDNYC ou?
Pran yon randevou nan yon Sant Enskripsyon IDNYC pou ranplase yon kat ki pèdi oswa yo vòlè. Aplikasyon ranplasman sou entènèt yo pa disponib kounye a.