Sote kontni prensipal la

Sèvis preparasyon taks gratis

Preparasyon Taks Gratis Vil New York (NYC Free Tax prep) | NYC Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (NYC Department of Consumer and Worker Protection, DCWP)

Ranpli anliy

Kijan li mache

Ou kalifye pou ranpli deklarasyon enpo w lan gratis nan NYC Free Tax Prep si fanmi ou te touche $93,000 oswa mwens oswa si ou se yon moun ki pa marye ki te touche $65,000 oswa mwens pandan ane 2024 a. Volontè VITA/TCE ki gen sètifikasyon IRS disponib pou ede ou ranpli.

  • Dat limit depo deklarasyon revni a se 15 avril 2025.
  • Gen plizyè fason ou ka declare enpo w gratis nan NYC Free Tax Prep:
    • Preparasyon Taks Adistans: Yon moun ki konn prepare kapab ede w ranpli taks sou revni w lan pandan 60 a 90 minit nan yon apèl adistans.
    • Preparasyon pèsonèl avèk asistans: Fè taks sou revni w lan poukont ou. Yon moun ki konn prepare taks ap disponib atravè telefòn oswa imèl pou reponn kesyon ou yo.
    • Sèvis Depo: Pase depoze dokiman enpo w yo epi pase pran l ranpli pita.
    • Fas a fas: Fè yo prepare taks ou gratis nan biwo preparasyon taks toupre ou.
  • Si w se yon travayè endepandan ak depans biznis $250,000 oswa mwens, ou ka jwenn èd pou ranpli yon deklarasyon taks egzat nan sèten sit NYC Free Tax Prep an pèsòn.

Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou enpo ane 2024 a, ou elijib pou NYC Tax Prep si w te touche :

  • $93,000 oswa mwens an 2024 epi w gen depandan.
  • $65,000 oswa mwens an 2024 epi w pa gen depandan.

Sa ou bezwen mete

Gade dokiman yo ke w ap bezwen ranpli taks ou.


Kijan pou ou aplike


Plis enfòmasyon

Gade Kesyon Moun Poze Souvan sou Preparasyon Task Gratis nan New York.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated January 31, 2025