Sote kontni prensipal la

Preskolè gratis pou timoun ki gen 4 tran.

Pre-K | Lekòl Piblik Vil New York

Aplike pou Pwogram Pre-K

Kijan li mache

Pwogram Pre-K yo ede timoun yo pi byen kòmanse nan lekòl ak nan lavi a. Pitit ou kapab aprann kijan pou rezoud pwoblèm, poze kesyon epi eksplore monn ki toutotan nan yon kominote aprantisaj sekirize e kote gen bonjan motivasyon.

  • Aplike nan pre-K pou ane lekòl 2025-2026 ant 15 janvye 2025 rive 28 fevriye 2025.
  • Nan Vil New York, timoun yo kòmanse pre-K nan ane sivil yo genyen kat (4) lane a.
  • Pwogram Preskolè yo ofri plas pandan tout jounen, Jounen ak Ane Pwolonje ak nan Head Start, chak pwogram genyen pwòp kritè sou kalifikasyon yo. Aprann plis.
  • Pwogram 3-K yo disponib nan tout senk awondisman yo nan twa kad. Chak etablisman ofri yon pwogram regilye, kalite siperyè ki baze sou jwèt. Kad yo kapab:
    • seleksyone lekòl la primè piblik yo,
    • Sant preskolè anplwaye NYCDOE ap dirije yo, ak
    • òganizasyon Kominotè.

Detèmine pou kisa ou kalifye

Tout timoun ki fèt nan NYC an 2021 ka enskri pou ane lekòl 2025-2026 la. Sa gen ladan ltimoun andikape yo oswa k ap aprann Anglè yo.

Timoun yo pa oblije konn itilize vaz oswa twalèt pou yo patisipe nan pwogram pre-K a.


Kijan pou ou aplike

Aplike sou entènèt

Aplike sou MySchools soti 15 janvye 2025 rive 28 fevriye 2025. Ou ka aplike an Angle, Arab, Bengali/Bangla, Chinwa, Kreyòl Ayisyen, Franse, Koreyen, Ris, Panyòl, oswa Oudou.

Ou kapab jwenn pwogram preskolè mwatye jounnen sou MySchools.

Aplike pou Pwogram Pre-K

Aplike pa telefòn

Rele nan 718-935-2009 pou w enskri nan telefòn.

  • Aplike soti 15 janvye 2025 rive 28 fevriye 2025.
  • Sèvis entèpretasyon disponib nan plis pase 200 lang.

Plis enfòmasyon

Ale sou sit entènèt la

Vizite sit enènèt Depatman Edikasyon an nan NYC pou aprann plis bagay sou pwosesis admisyon Preskolè a.

Voye imèl bay admisyon pou Pre-K

Voye imèl bay [email protected] si w gen kesyon sou pwogram Pre-K a.

Rele 311

Mande pou Pre-K For All.

Rele admisyon Pre-K

Rele nan 718-935-2009 si w gen kesyon konsènan enskripsyon pre-K.

Vizite yon Sant Akèy Familyal

Ale nan yon Sant Akèy pou Fanmi pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwogram pre-K yo.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated January 22, 2025

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.