Sote kontni prensipal la

Lojman ak sipò pou veteran ki san kay

Lojman Sipòte Zafè Veteran (HUD-VASH) | Depatman Ameriken pou Veteran (U.S. Department of Veterans Affairs, VA), Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini (U.S Department of Housing & Urban Development, HUD)

Ki jan sa fonksyone

HUD-VASH ede veteran ak fanmi yo ki pa gen kote pou rete jwenn e kenbe yon kay pèmanan. Veteran (ansyen sòlda) yo jwenn yon koupon lokasyon nan seksyon 8 la ki ede yo peye pou yon plas a vi. Responsab ka VA yo ka konekte veteran ak yon ekip sèvis sipò.

  • Ou dwe kontribye 30% nan revni mansyèl ou pou peye lwaye. Koupon an ap kouvri rès la.
  • Ou dwe re-sètifye chak ane pou kenbe koupon lojman ou.
  • Jesyon ka se yon pati enpòtan nan pwogram nan, e ou dwe patisipe ladan l.

Kondisyon kalifikasyon

Ou ka kalifye pou èd lojman HUD-VASH si ou:

  • Sèvi nan lame aktif pou nenpòt ki kantite tan, epi
  • Pa gen yon dechaj dezonò oswa yon dechaj ki soti nan yon tribinal militè jeneral

Fason pou aplike

Aplike pa telefòn

Rele sant apèl nasyonal pou moun veteran ki pa gen lojman yo nan 877-424-3838. Yo ap konekte ou ak pwogram lojman lokal ou a pou referans a HUD-VASH.


Jwenn èd

Ale sou sit entènèt la

Vizite sit HUD-VASH la pou plis enfòmasyon.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated October 31, 2025

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.