Sote kontni prensipal la
Lojman

Sipò ak lojman pou veteran yo

Lojman Sipòte Zafè Veteran (HUD-VASH) | Depatman Ameriken pou Veteran (U.S. Department of Veterans Affairs, VA), Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini (U.S Department of Housing & Urban Development, HUD)

1. Kijan li mache

HUD-VASH ede veteran ak fanmi yo ki pa gen kote pou rete jwenn e kenbe yon kay pèmanan. Veteran (ansyen sòlda) yo jwenn yon koupon lokasyon nan seksyon 8 la ki ede yo peye pou yon plas a vi. Responsab ka VA yo ka konekte veteran ak yon ekip sèvis sipò.

  • Jesyon dosye se yon pati enpòtan nan pwogram nan, epi ou pral oblije patisipe
  • Ou dwe re-sètifye chak ane pou kenbe koupon pou lojman ou a
  • Ou dwe kontribye 30% nan revni chak mwa ou pou lwaye, epi koupon an ap kouvri rès la

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou kapab kalifye pou HUD-VASH a, ou dwe:

  • kalifye pou sant swen VA.
  • Pa gen kay.
  • Gen revni ki nan gid pwogram nan.
  • Gen volonte pou resevwa administrasyon ki sòti nan VA.

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike pa telefòn

Rele sant apèl nasyonal pou moun veteran ki pa gen lojman yo nan 877-424-3838. Yo ap konekte ou ak pwogram lojman lokal ou a pou referans a HUD-VASH.

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Vizite sitwèb la

Vizite sitwèb HUD-VASH la pou jwenn plis enfòmasyon.

Last Updated August 10, 2022

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.