Sote kontni prensipal la
Edikasyon

Nouvo Konvèsasyon an anglè ak pwogram aprantisaj

We Speak NYC (WSNYC) | Biwo Majistra Vil New York pou Afè Imigran (NYC Mayor's Office of Immigrant Affairs, MOIA)

1. Kijan li mache

We Speak NYC ede elèv ki gen 16 lane oswa plis toujou, k ap aprann lang Anglè a pou yo aprann Anglè epi jwenn aksè a sèvis yo. Pwogram nan gen kou sou entènèt, videyo, entènèt, ak dokiman ki enprime pou w ka fè pratik lakay ou.

  • Kou We Speak NYC yo ede w devlope epi pratike konpetans konvèsasyon w nan kou kominotè k ap fèt nan tout senk (5) minisipalite yo.
  • Klas yo disponib gratis sou entènèt la ak lè ou vin an prezansyèl..
  • Kou ak materyèl yo fèt pou moun k ap aprann anglè ki nan nivo entèmedyè.
  • Videyo ak materyèl yo rakonte istwa konsènan yon seri rezidan New York ki soti toupatou nan mond lan epi eksplike kèk sèvis ak resous enpòtan Vil la ofri.
    • Chak videyo gen yon skript, gid etid, ak pratik vokabilè.
  • Ou kapab chwazi sèvi kòm benevòl tou pou dirije yon kou oswa òganize yon kou pou We Speak NYC.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Nenpòt moun kapab enskri pou yon kou sou entènèt. Kou ak materyèl yo fèt pou moun kap aprann anglè ki nan nivo entèmedyè ki gen pou laj 16 lane ak plis.

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike pa telefòn

Aplike fas a fas

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Vizite sit entènèt We Speak NYC la pou ka jwenn plis enfòmasyon.

Voye yon imèl bay We Speak NYC

Voye yon imèl sou [email protected] si ou gen kesyon oswa si ou vle jwenn plis enfòmasyon.

Rele We Speak NYC

Pou kòmantè jeneral oswa pou kesyon, ranpli fòm Kontakte Nou MOIA a (MOIA’s Contact Us form) oswa rele nan 212-788-7654.

Last Updated April 18, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.