Ou kapab kalifye si ou ka reponn wi pou kesyon sa yo:
- Èske ou genyen ant 16 jiska 21 lane?
- Èske w se yon jèn oswa yon granmoun ki nan lekòl segondè nan Vil New York?
- Èske ou gen yon nimewo sekirite sosyal?
- Èske ou ka travay legalman Ozetazini?
- Èske w enskri nan sèvis rekritman an, si w se yon gason ki kalifye?
- Èske w satisfè youn (1) nan kondisyon sa yo?
- Ou menm oswa yon moun lakay ou gen lajan kach oswa Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè (SNAP, Supplemental Nutrition Assistance Program (kat manje))
- Ou se yon jèn sanzabri oswa k ap kouri kite lakay li
- Ou se yon jèn yo te mete nan fanmi akèy oswa ou depase laj pou w rete nan fanmi akèy
- Ou annafè ak lajistis
- Ou ansent oswa ou se yon paran
- Ou gen yon andikap. Learn & Earn pral gade pwòp revni w (se pa revni fanmi w) pou wè si w kalifye.
- Èske revni fanmi w egal oswa li pi ba pase montan yo bay nan tablo sa a?