1. Kijan li mache
Learn & Earn se yon pwogram pandan tout ane a pou jèn ak granmoun nan lekòl segondè ki gen risk pou yo abandone lekòl yo. Pwogram nan bay sipò eskolè, asistans aplikasyon pou kolèj, fòmasyon preparasyon pou travay, aprantisaj sèvis ak aktivite lidèchip, ansanm ak yon estaj peye pandan sis semèn ete.
- Gen pwogram Learn & Earn nan chak minisipalite. Chak pwogram kapab gen egzijans pou laj ak kritè kalifikasyon diferan.
- Enskri ant 1ye jiska 30 Septanm.
- Ou bezwen yon nimewo sekirite sosyal epi ou dwe kapab travay legalman nan peyi Etazini.
Pwochen seksyon:
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Vizite sit entènèt la
Vizite paj Learn & Earn sou sit entènèt DYCD a pou aprann plis.
Jwenn yon lis founisè Learn & Earn pou plis enfòmasyon.
Rele 311
Mande èd pou pwogram Learn & Earn.
2. Detèmine pou kisa ou kalifye
Ou kapab kalifye si ou ka reponn wi pou kesyon sa yo:
- Èske ou genyen ant 16 jiska 21 lane?
- Èske w se yon jèn oswa yon granmoun ki nan lekòl segondè nan Vil New York?
- Èske ou gen yon nimewo sekirite sosyal?
- Èske ou ka travay legalman Ozetazini?
- Èske w satisfè youn (1) nan kondisyon sa yo?
- Èske oumenm oswa yon moun lakay ou jwenn èd lajan kach oswa SNAP (koupon pou manje)?
- Èske w se yon sanzabri?
- Èske w se yon jèn nan yon fwaye dakèy?
- Èske ou gen yon andikap? Si wi, Learn & Earn pral gade pwòp revni ou (pa revni fanmi ou) pou wè si ou kalifye.
- Si w pa ranpli youn nan kondisyon ki anwo yo, Learn & Earn pral gade revni w pou wè si w kalifye.
Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.
Èske mwen kalifye?Pwochen seksyon:
3. Sa ou bezwen mete
Pou aplike pou Learn & Earn, ou pral gen pou bay prèv pou bagay sa yo:
- Idantite w ak dat nesans ou
- Kote ou abite
- Revni pou fanmi ou
Pwochen seksyon:
4. Kijan pou ou aplike
Men opsyon ou yo:
Aplike sou entènèt
- Jwenn yon pwogram sou Discover DYCD website lè w chwazi “jobs & internships”, epi chèche “Learn & Earn”.
- Kontakte yon pwogram ki toupre w pou plis enfòmasyon.
Aplike pa telefòn
Rele DYCD Youth Connect nan 800-246-4646 oswa 646-343-6800pou w aplike.
Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.
Depi ou bay adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou, sa vle di ou dakò pou minisipalite Vil New York la kontakte ou konsènan rezilta evalyasyon pou asistans piblik ACCESS NYC a. Aktivite ou nan ACCESS NYC ap rete anonim, men si ou bay nimewo ou sa kapab idantifye ou ak devwale ou te itilize sitwèb la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan Minisipalite a kapab itilize enfòmasyon ou pataje ak ACCESS NYC, vizite Terms of Use for NYC.gov ak Privacy Policy for NYC.gov.