Sote kontni prensipal la

Sèvis pou moun ki gen VIH oswa SIDA

Administrasyon Sèvis VIH/SIDA (HASA) | NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

Kijan li mache

HASA konekte moun ki gen VIH/SIDA ak sèvis ki ede yo viv yon vi ki pi ansante ak endepandan.

  • Sant HASA yo sitiye nan tout 5 minisipalite yo.
  • Y ap ba w yon travayè sosyal ki ka ede w devlope yon plan sèvis.
    • Plan sa a vize avantaj ki nesesè yo epi li bay sipò ki espesifik pou bezwen ou yo.
  • HASA ka ede w tou pou w aplike pou avantaj ak sèvis piblik, tankou:
    • Medicaid
    • Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè
    • Asistans lajan kach
    • Lojman tranzisyon ijans
    • Lojman ki pa ijans
    • Asistans pou lokasyon
    • Swen nan kay ak sèvis fè kay
    • Depistaj sante mantal ak abi sibstans ak referans tretman
    • Travay ak sèvis travay
    • Asistans transpò
    • Aplikasyon ak apèl SSI oswa SSD

Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou w ka kalifye pou HASA, ou dwe te dyagnostike ak VIH oswa ak SIDA, jan sa defini nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC). Ou pa bezwen gen sentòm pou w kalifye.


Kijan pou ou aplike

Aplike pa telefòn

Rele HASA nan 718-557-1399 pou aplike oswa pou w jwenn plis enfòmasyon.


Plis enfòmasyon

Vizite sitwèb la

Vizite sitwèb HASA a pou aprann plis sèvis ki disponib yo.

Rele 311

Mande pou sèvis pou moun ki gen VIH oswa SIDA.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated January 30, 2023