Sote kontni prensipal la

Lojman piblik abòdab

NYCHA Public Housing | NYC Otorite nan Lojman (NYC Housing Authority, NYCHA)

Aplike anliy

Ki jan sa fonksyone

Nouyòkè ki gen revni ba ka lwe lojman abòdab atravè Otorite Lojman Vil New York (New York City Housing Authority, NYCHA).

Lwaye a baze sou revni fanmi ou — sèvis piblik yo enkli nan pifò bilding yo.

NYCHA ofri apatman ki fèt pou satisfè diferan bezwen aksè:

  • Apatman ki adapte pou mobilite: Gen kèk apatman ki modifye pou moun ki gen difikilte pou deplase.
  • Lòt aranjman: NYCHA kapab fè lòt chanjman tou pou satisfè bezwen ou.

Rezidan yo kapab jwenn sipò tou pou jwenn travay ak jere finans pèsonèl atravè sant kominotè ak sant pou granmoun aje NYCHA yo

Jwenn lòt opsyon lojman abòdab atravè NYC Housing Connect ak NYC Housing Development Corporation.


Kondisyon kalifikasyon

Pou kalifye pou lojman piblik, tout bagay sa yo dwe vre:

  1. Omwen yon moun nan kay ou se yon sitwayen ameriken oswa li gen estati imigrasyon legal — tankou rezidan pèmanan (Green Card), refijye, oswa azil.
  2. Ou gen 18 an oswa plis, oswa ou se yon minè emansipe.
  3. Si w ap aplike avèk yon mari/madanm oswa patnè domestik, moun sa a dwe gen 18 an oswa plis, oswa li dwe yon minè emansipe.
  4. Si w ap aplike pou lojman piblik pou granmoun aje, tout moun nan kay ou dwe gen 62 an oswa plis.
  5. Kay ou kalifye kòm yon fanmi dapre règ NYCHA yo. Sa gen ladan de oswa plis moun ki gen relasyon san, maryaj, patenarya domestik, adopsyon, gadyennaj, oswa gad legal tribinal bay—epi moun selibatè kalifye tou.
  6. Revni kay ou egal oswa pi ba pase limit revni yo.
Kantite moun ki nan fanmi an Revni nan yon ane
1 $95,000
2 $108,600
3 $122,150
4 $135,700
5 $146,600
6 $157,450
7 $168,300
8 $179,150
9 $190,000
10 $200,850
11 $211,700
12 $222,550
13 $233,450
14 $244,300
15 $255,150

Dokiman obligatwa

Ou pa bezwen soumèt okenn dokiman pou aplike pou lojman piblik. Si w jwenn yon entèvyou, w ap bezwen pote dokiman orijinal sa yo avèk ou.

  • Sètifika maryaj ou oswa patnè domestik ou (si sa aplikab)
  • Batistè tout moun ki pral viv avèk ou
  • Kat sekirite sosyal tout moun ki pral viv avèk ou
  • Prèv estati imigrasyon ou (si sa aplikab)
  • Prèv kote w ap viv kounye a, tankou yon bòdwo sèvis piblik ki sot pase
  • Resi lwaye pou sis dènye mwa yo ak kontra lwaye ou (si ou genyen youn)
  • Dènye bòdwo gaz ak elektrik ou
  • Prèv revni ou (si genyen), tankou yon lèt prim, souch peman, oswa lèt SNAP
  • Dokiman ki montre byen ou yo, tankou yon deklarasyon labank

Fason pou aplike

Aplike sou entènèt

Pou aplike pou lojman piblik, ou dwe soumèt yon aplikasyon sou Sit entènèt NYCHA a.

Apre w fin aplike, y ap ba w yon nimewo ka epi w ap mete w sou yon lis datant pou yon entèvyou kalifikasyon. Sèvi ak pòtal oto- sèvis pou tcheke estati ou nenpòt ki lè. Ou pral bezwen anrejistre epi konekte.

Aplike anliy

Aplike pa lapòs

Nou ankouraje kandida yo pou yo aplike anliy. Sepandan, genyen aplikasyon ki disponib pa lapòs. Rele Sant Kontak Kliyan (Customer Contact Center, CCC) NYCHA nan 718-707-7771 pou ou ka mande yon aplikasyon sou papye.


Jwenn èd

Ale sou sit entènèt la

Vizite Sit entènèt NYCHA a pou plis enfòmasyon.

Rele 311

Mande pou Lojman Piblik.

Rele NYCHA

Ou ka kontakte Rele Sant Kontak Kliyan (Customer Contact Center, CCC) NYCHA a nan 718-707-7771 si ou gen kesyon sou lojman piblik.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated June 1, 2026

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.