Sote kontni prensipal la

Kredi taks pou ede peye gad timoun oswa swen pou depandan ki gen andikap

Kredi Enpo pou Responsablite Timoun ak Depandan: | NYC Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (NYC Department of Consumer and Worker Protection, DCWP), Sèvis revni entèn (Internal Revenue Service, IRS)

Kòmanse

Ki jan sa fonksyone

Kredi Taks Federal pou Gad Timoun ak Depandan (CDCC), Kredi Taks Eta New York pou Gad Timoun ak Depandan (NYS CDCC), ak Kredi Taks Gad Timoun Vil New York (NYC CCTC) ede w peye gad timoun oswa swen pou depandan ki gen andikap pandan w ap travay oswa ap chèche travay.

  • Kredi federal la ka kouvri jiska $3,000 nan depans swen pou yon sèl moun ki kalifye epi jiska $6,000 nan depans swen pou de moun oswa plis ki kalifye
  • Yo pral remèt ou jiska 50 pousan nan depans sa yo
  • Kredi eta a kalkile selon revni ou, kantite depandan ou reklame, ak depans swen ou yo.
  • Kredi eta a kalkile selon revni ou, kantite depandan ou reklame, ak depans swen ou yo
  • Ou dwe fè yon deklarasyon taks pou reklame kredi sa a – dat limit pou soumèt deklarasyon taks 2025 ou a se 15 avril 2026
  • Jwenn èd pou ranpli deklarasyon taks pou ane aktyèl la ak ane pase yo avèk NYC Free Tax Prep

Kondisyon kalifikasyon

Pou reklame Kredi Taks Federal pou Timoun nan, ou bezwen satisfè tout kondisyon sa yo:

  • Ou menm (ak mari/madanm ou si w ap fè deklarasyon ansanm) gen revni
  • Ou te peye pou swen pou w ka travay (ou dwe bay non, adrès, ak Nimewo Idantifikasyon Taks oswa Nimewo Sekirite Sosyal founisè swen an sou deklarasyon taks ou).
  • W ap fè deklarasyon taks kòm selibatè, chèf fwaye, vef/vèv ki kalifye, oswa marye ki fè deklarasyon ansanm

Kiyès ki konte kòm depandan?

  • Yon timoun ki gen pi piti pase 13 lane ou reklame kòm depandan, oswa
  • Mari/madanm ou oswa yon depandan nenpòt laj ki pa ka pran swen tèt li akoz yon andikap fizik oswa mantal epi ki viv avèk ou plis pase mwatye ane a

Si ou kalifye pou kredi federal la, ou ka reklame kredi Eta New York la lè ou ranpli deklarasyon taks eta ou a tou. Kredi eta a fonksyone menm jan ak kredi federal la.

Ou ka jwenn yon kredi siplemantè nan vil New York si ou satisfè tout kondisyon sa yo:

  • Ou te viv nan vil New York pandan tout oswa yon pati nan ane 2025 lan.
  • Ou te peye depans gad timoun pou omwen yon timoun ki gen pi piti pase kat lane nan dat 31 desanm 2025.
  • Revni brit ajiste nan nivo federal ou te $30,000 oswa pi piti.
  • Ou te kalifye pou kredi Eta New York la.

Dokiman obligatwa

W ap bezwen dokiman tankou W-2, resi founisè swen ou, Nimewo Idantifikasyon Taks oswa Nimewo Sekirite Sosyal founisè swen an, ak dokiman ki montre konbyen ou te peye pou swen an.


Fason pou aplike

Aplike sou entènèt

Ou dwe ranpli deklarasyon taks federal ak taks Eta New York ou pou reklame kredi taks yo.

Si ou te touche $97,000 oswa pi piti avèk depandan ki kalifye oswa $68,000 oswa pi piti san depandan, ou ka ranpli deklarasyon taks ou gratis avèk NYC Free Tax Prep epi kenbe tout ranbousman ou. Pou plis enfòmasyon, vizite nyc.gov/taxprep.

Kòmanse


Jwenn èd

Vizite nyc.gov/taxprep

Aprann plis sou sèvis pou ranpli taks gratis nan NYC, sa enkli kesyon yo poze souvan sou kredi taks yo.

Rele 311

Epi mande èd pou prepare taks ou.

Rele 800-906-9887 pou konnen ki kote ki gen yon biwo Èd Volontè pou Taks sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance, VITA) oswa Konsèy sou Taks pou Granmoun Aje (Tax Counseling for the Elderly, TCE) ki toupre ou.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated March 24, 2026

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.