1. Kijan li mache
Kredi Enpo pou Responsablite Timoun ak depandan ap ranbouse ou si ou te peye pou swen timoun oswa yon adilt depandan. Pou ane fiskal 2022 a, kontribyab yo kapab kalifye pou reklame jiska $3,000 pou depans ki fvt nan sèvis swen pou yon moun ki kalifye epi jiska $6,000 pou sèvis swen pou de oswa plis moun ki kalifye. Konsa ou kapab jwenn yon ranbousman jiska 50% nan depans sa yo.
- Ranpli taks federal ak Eta New York 2022 avan 18 Avril 2023 pou mande kredi a.
- Lè w ap ranpli, mete Fòmilè 2441 ansanm avèk Deklarasyon enpo sou Revni Endividyèl Etazini Fòmilè 1040 oswa Deklarasyon Enpo sou Revni Etazini pou moun ki pa rezidan Fòmilè 1040NR.
- Depans yo konsidere yo gen ladan pwòp lajan ou peye pou pran swen yon timoun kalifye pandan w ap travay oswa w ap chache travay.
- Sa gen ladan depans pou swen ki andeyò kay la, tankou nan yon sant gadri, oswa anndan kay ou, tankou yon bebisitè.
- Lè w reklame kredi sa a lè w ap fè yon deklarasyon taks, ou ka diminye taks ou dwe yo epi ou ka ogmante ranbousman ou.
Pwochen seksyon:
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Plis enfòmasyon
Gade Kesyon Moun Poze Souvan sou kredi enpo pou responsablite Timoun ak Depandan 2022 IRS la.
Aprann plis bagay sou kredi enpo ou kapab deklare.
Jwenn yon biwo Èd Volontè pou Taks sou Revni (VITA) oswa yon Konsèy sou Taks pou Granmoun Aje (TCE)
Rele 800-906-9887 pou konnen ki kote ki gen yon biwo Èd Volontè pou Taks sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance, VITA) oswa Konsèy sou Taks pou Granmoun Aje (Tax Counseling for the Elderly, TCE) ki toupre ou.
2. Detèmine pou kisa ou kalifye
Pou kalifye pou jwenn Kredi Enpo Resposanblite Timoun ak Depandan, ou ta dwe kapab reponn wi pou kesyon sa yo:
- Èske ou te peye yon moun oswa yon òganizasyon pou pran swen moun ki sou responsablite w yon fason pou ou menm (ak konjwen ou, si nou ranpli enpo sou revni ansanm) kapab travay oswa chache travay. Depandan ki kalifye yo se:
- yon timoun ki poko gen 13 zan nan moman swen an;
- yon konjwen oswa yon depandan ki pa ka pran swen tèt li fizikman oswa mantalman.
- Èske depandan an te viv avèk ou pou plis pase 6 mwa ane fiskal la?
- Èske ou (ak konjwen ou si nou ranpli taks ansanm) touche lajan? Sa yo ka soti nan pèman, salè, tep, lòt lajan yo ka pran taks sou anplwaye a, oswa revni sou travay endepandan yo.
- Èske w fè deklarasyon taks ou antanke selibatè, marye k ap deklare ansanm, chèf fanmi (fwaye) oswa vèv/vèf ki gen yon timoun ki depandan?
- Si ou marye, èske ou menm ak konjwen ou ap travay deyò?
- Oswa, èske youn nan nou ap travay deyò pandan lòt la se yon etidyan aplentan, li gen yon andikap, oswa l ap chèche travay?
Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.
Èske mwen kalifye?Pwochen seksyon:
3. Sa ou bezwen mete
Paj sa ap ede ou chwazi bon dokiman yo pou aplikasyon ou an.
Si ou vle resevwa ranbousman pa mwayen depo dirèk, ou pral bezwen enfòmasyon bank ou (chek anile ak/oswa fich depo kont epay.)
Ou ta dwe pote yon kopi enpo sou revni ane pase a, si li disponib.
Pwochen seksyon:
4. Kijan pou ou aplike
Men opsyon ou yo:
Aplike sou entènèt
Ranpli taks ou gratis anliy avèk NYC Free Tax Prep si fanmi ou touche $80,000 oswa mwens oswa si ou ranpli taks ou antanke selibatè epi w te fè $56,000 oswa mwens an 2022. Volontè VITA/TCE IRS sètifye yo kapab ede w ranpli anliy, fas a fas, oswa lè w pase depoze dokiman w yo.
Aplike pa lapòs
W ap bezwen fòmilè sa yo lè w ap fè deklarasyon taks ou:
- Fòmilè pou Responsablite Timoun ak Depandan: Fòmilè 2441.
- Deklarasyon taks sou Revni Endividyèl Etazini: Fòmilè 1040 oswa Deklarasyon Enpo sou Revni Etazini pou moun ki pa Rezidan: Fòmilè 1040NR.
Aplike fas a fas
Ranpli taks ou gratis anliy avèk NYC Free Tax Prep si fanmi ou touche $80,000 oswa mwens oswa si ou ranpli taks epi w te fè $56,000 oswa mwens an 2022. Volontè VITA/TCE IRS sètifye yo kapab ede w ranpli fas a fas, oswa lè w pase depoze dokiman w yo.
Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.
Depi ou bay adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou, sa vle di ou dakò pou minisipalite Vil New York la kontakte ou konsènan rezilta evalyasyon pou asistans piblik ACCESS NYC a. Aktivite ou nan ACCESS NYC ap rete anonim, men si ou bay nimewo ou sa kapab idantifye ou ak devwale ou te itilize sitwèb la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan Minisipalite a kapab itilize enfòmasyon ou pataje ak ACCESS NYC, vizite Terms of Use for NYC.gov ak Privacy Policy for NYC.gov.