Sote kontni prensipal la
Sèvis Gadri

Konje yo peye pou moun nan ka pran swen fanmi li

Konje Familyal yo Peye nan Eta New York (PFL) | Konsèy Konpansasyon Travayè Eta New York (NYS Workers' Compensation Board)

1. Kijan li mache

Konje Familyal yo Peye a (NYS Paid Family Leave, PFL) bay anplwaye ki kalifye yo, yon konje yo peye pou moun nan ka pran swen fanmi li. Travay ou a pwoteje lè ou an konje.

  • Travayè yo ka pran Konje Familyal Peye pou yo ka:
    • rapwoche yon timoun pandan 12 mwa nesans li, adopsyon li, oswa pandan plasman li nan fwaye dakèy la.
    • pran swen yon manm fanmi ki gen yon pwoblèm sante ki grav.
    • ede moun yo renmen yo, lè yon manm fanmi an ale aletranje.
    • pran swen tèt yo, yon timoun, oswa yon manm fanmi pandan yon òdonans karantèn oswa izòlman pou COVID-19.
  • Si ou elijib, ou ka pran jiska 12 semèn konje. Ou pa oblije pran tout konje yo yon sèl kou, men se jounen konplè pou yo ye, se pa demi jounen.
  • Yo ka peye ou jiska 67 pousan nan salè mwayèn ou chak semèn. Verifye konbyen lajan ou ka jwenn chak semèn, itilize Kalkilatris Avantaj Salè.
  • Epitou, Konje Familyal yo Peye a bay:
    • pwoteksyon travay
    • asirans sante san kanpe
    • pwoteksyon kont diskriminasyon oswa vanjans
  • Estati imigrasyon ou pa afekte kalifikasyon ou.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Ou ka anmezi pou pran Konje Peye pou Fanmi an si ou:

  1. Se yon rezidan Eta New York lan.
  2. Travay pou yon konpayi prive nan Eta New York lan, oswa yon konpayi piblik ki te chwazi patisipe.
  • Satisfè egzijans tan travay la anvan ou pran Konje Familyal yo Peye a:
    • Anplwaye aplentan ki regilyèman travay 20 èdtan oswa plis pa semèn ka pran PFL apre yo fin travay 26 semèn youn apre lòt.
    • Anplwaye a tan pasyèl ki regilyèman travay mwens pase 20 èdtan pa semèn ka pran PFL apre yo fin travay 175 jou. Jou sa yo pa bezwen fèt youn apre lòt.

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Ou pral gen bezwen diferan dokiman selon sitiyasyon w lan. Tcheke lyen ki anba a pou ka wè dokiman ou pral bezwen yo.

An jeneral, ou pral bezwen bay prèv idantite ou, relasyon familyal ou, adrès ou, epi revni ou.

Epitou, ou pral bezwen bay prèv yon evènman kalifye pou ranpli yon reklamasyon PFL.

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike fas a fas

Aplike pou PFL atravè konpayi ou an.

  1. Di konpayi ou an sa omwen 30 jou anvan ou deside pran konje a, si sa posib. Sinon, fè yo konn sa san pèdi tan.
  2. Telechaje epi ranpli yon fòm reklamasyon ki baze sou enstriksyon konpayi ou an. Ou mande konpayi ou an oswa konpayi asirans li an yon fòm reklamasyon tou.
  3. Rasanble dokiman sipò yo pou reklamasyon w lan. Chak fòm reklamasyon di w ki dokiman ou pral bezwen.
  4. Soumèt fòm reklamasyon w lan ak dokiman w yo bay konpayi asirans patwon w lan oswa jan patwon w lan mande w pou fè sa a.
    • Mande patwon w lan kiyès konpayi asirans li an ye.
    • Ou ka rele Liy Asistans Konje Familyal yo Peye a tou nan nimewo 844-337-6303 si ou pa konnen kiyès konpayi asirans li a ye.
  5. Nan pifò ka yo, konpayi asirans patwon w lan dwe peye oswa rejte reklamasyon w lan nan espas 18 jou apre yo ou fin resevwa reklamasyon konplè w la.

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sitwèb yo

Jwenn plis enfòmasyon sou Konje Familyal yo Peye nan Eta New York lan sou paidfamilyleave.ny.gov

Jwenn plis enfòmasyon sou pwoteksyon pou travayè yo ak kisa w dwe fè si yo te vyole dwa ou yo nan paidfamilyleave.ny.gov/protections

Rele Liy Asistans Konje Familyal yo Peyo a

Rele nan nimewo 844-337-6303
Lendi pou rive Vandredi

Last Updated January 25, 2023

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.