Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Koupon pou ede kouvri frè sèvis gadri pou timoun ki gen 6 semèn jiska 13 lane yo.

Koupon pou Sèvis Gadri | NYC Sèvis administrasyon pou timoun (NYC Administration for Children’s Services, ACS)

1. Kijan li mache

Koupon pou gadri yo ede peye frè pou gadri timoun ki gen apati 6 semèn jiska 13 lane yo. Yo kouvri timoun ki gen jiska 19 lane epi ki gen andikap yo tou. Santèn founisè kay ak sant ki baze Nouyòk aksepte bay timoun yo koupon pou bon jan swen an sekirite e nan yon anviwonman pozitif kote li ap aprann.

  • Koupon yo kouvri kèk oswa tout frè sèvis gadri timoun ou an. Pifò fanmi oblije peye yon pati nan frè an selon revni ak valè moun ki gen nan fanmi yo an. Koupon ou an pral kouvri tout frè yo si ou:
    • se yon fanmi k ap resevwa èd asistans lajan kach
    • se yon.fanmi ki gen pwoblèm kote pou rete (sanzabri)
    • se yon paran adoptif
  • Ou ka itilize yon koupon pou peye sèvis gadri lakay yon founisè kalifye oswa founisè enfòmèl ki apwouve tankou fanmi, vwazinaj, oswa zanmi.
  • Pitit ou an kapab kòmanse yon pwogram sèvis gadri nenpòt lè pandan ane a.
  • Kalifikasyon chita sou revni fanmi w, valè moun ki nan fanmi an, ak lòt bezwen yo.
  • Paran yo pa oblije se sitwayen ameriken yo ye. Sepandan, timoun lan k ap resevwa swen an dwe sitwayen ameriken, yon resòtisan ameriken, oswa ou genyen yon estati imigrasyon ki rezonab?
  • Disponibilite koupon yo depann sou finansman

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Gen posiblite pou kalifye pou yon koupon si moun lakay ou benefisye Èd Lajan Kach oswa si yo se sanzabri Ou kapab kalifye tou si revni moun nan kay la egal oubyen pi piti pase kantite sa yo:

Kantite moun ki nan fanmi an Revni pa mwa Revni pa ane
1 $4,301 $51,610
2 $5,624 $67,490
3 $6,948 $83,370
4 $8,271 $99,250
5 $9,594 $115,130
6 $10,918 $131,010
7 $11,166 $133,987
8 $11,414 $136,965
9 $11,662 $139,942
10 $11,910 $142,920
11 $12,158 $145,897
12 $12,406 $148,875
13 $12,654 $151,852
14 $12,903 $154,830
15 $13,151 $157,807

Ou ap bezwen genyen tou youn nan “rezon pou swen” sa yo:

  • Ou travay pandan 10 èdtan oswa plis pa semèn
  • Ou nan yon pwogram edikasyon oswa yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl.
  • Ou ap chache travay
  • Ou ap viv nan yon lojman tanporè (aksè priyorite)
  • W ap swiv sèvis pou vyolans domestik.
  • Ou sou tretman pou toksikomani (abi sibstans)

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike pa lapòs

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Ale sou sit entènèt ACS la pou ou kapab konnen plis bagay toujou.

Chèche pwogram sèvis gadri yo sou Rezo Gad Timoun nan vil New York (NYC Child Care Connect) oswa atravè paj Biwo Eta Sèvis Timoun ak Fanmi (State’s Office of Children and Family Services).

Rele 311

Mande enfòmasyon sou koupon pou sèvis gadri.

Rele sant apèl timoun ak byennèt fanmi ACS la

Si ou genyen kesyon, rele sant apèl ACS CFWB nan 212-835-7610.

Last Updated February 16, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.